Sòm 122 - 1998 Haitian Creole

SÒM 122 (121)Lwanj pou lavil Jerizalèm(1a) Se Eza 2.3; Jer 31.6; Zak 8.21 yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm.

1(1b) Ala kontan mwen te kontan lè yo di m:

— Ann ale lakay Senyè a.

2Kounyeya, men li:

nou rive devan pòtay lavil Jerizalèm.

3Jerizalèm, ou se yon lavil yo rebati,

yon lavil kote tout bagay byen ranje.

4Se Det 16.16 la tout branch fanmi yo ap vin sanble.

Tout branch fanmi pèp Senyè a,

se la y'ap vini pou di Senyè a mèsi,

jan li te ba yo lòd pou yo fè a.

5Se 1 Wa 3.16-28 la pitit pitit David yo rete pou yo dirije,

pou yo gouvènen pèp la.

6 Jer 29.7; 51.50 Lapriyè Bondye pou pa gen dezòd lavil Jerizalèm ankò.

Se pou tout moun ki renmen ou yo viv ak kè poze.

7Se Sòm 48.13 pou pa gen lagè sou ranpa lavil la.

Se pou nan palè wa a tout moun viv ak kè poze.

8Poutèt 1 Sam 25.6 fanmi m yo ak zanmi m yo, m'ap di:

Benediksyon Bondye sou lavil la!

9Poutèt kay Senyè a, Bondye nou an, ki nan lavil la,

m'ap mande Bondye pou fè kè ou kontan.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help