1Se pami moun yo toujou chwazi yon granprèt, lèfini yo mete l apa pou l ka fè sèvis Bondye pou yo. Se li menm tou ki pou ofri kado ak bèt pou touye pou peche yo bay Bondye.
2Li Eb 4.15 toujou gen anpil pasyans ak moun ki pa konnen, ak moun k'ap fè sa yo pat dwe fè, paske li menm poutèt pa l, li fèb tou sou anpil pwen.
3Se Lev 9.7; 16.6 sa k fè, se pa sèlman pou peche pèp la li gen pou l ofri bèt pou yo touye bay Bondye, men se pou peche pa l yo tou, paske li menm tou li fèb.
4Pèsonn Egz 28.1 pa ka bay tèt li grad granprèt la. Se Bondye sèlman ki ka rele yon moun nan plas sa a, jan sa te fèt pou Arawon.
5Se Sòm 2.7; Tra 13.33 konsa, Kris la pat chwazi tèt li pou l te resevwa grad granprèt la. Okontrè, li resevwa l nan men Bondye ki te di li:
Ou se pitit mwen,
depi jòdi a se mwen ki papa ou.
6Li Eb 7.1; Sòm 110.4 di yon lòt kote ankò:
Ou prèt pou tout tan menm jan ak Mèlkisedèk.
7Pandan Mat 26.39-46 Jezi t'ap viv sou latè, li te lapriyè Bondye, li te fè demann li avèk gwo rèl ak dlo nan je bay Bondye, sèl moun ki te kapab sove l anba lanmò. Bondye koute l, paske li te soumèt devan Bondye.
8Atout Fil 2.8 li te pitit Bondye, li vin konnen sa ki rele yon moun obeyisan, avèk tout soufrans li soufri yo.
9Lè Eza 45.17; Jan 17.1,5 li fin bon nèt, li tounen yon delivrans pou tout moun ki obeyi l, yon delivrans k'ap delivre yo pou tout tan,
10paske lè sa a, Bondye deklare se yon granprèt menm jan ak Mèlkisedèk li ye.
Danje lè yon moun pèdi konfyans nan Bondye11Mwen gen anpil bagay pou m ta di nou sou sa ankò. Men, se bagay ki difisil anpil pou esplike nou, paske nou lou toujou nan konprann nou.
12Depi 1 Kor 3.1-3; 1 Pyè 2.2 tout tan sa a, se pou n te fò deja tankou moun k'ap moutre nou yo. Men, okontrè, se bezwen nou bezwen toujou pou moun montre nou bagay ki pi fasil yo, premye konesans nan pawòl Bondye a. Se ti lèt nou bezwen bwè toujou, nou poko ka manje gwo manje.
13Se Ef 4.14 timoun ki nan bwè lèt, paske timoun pa gen kont esperyans pou konnen sa ki bon ak sa ki pa bon.
14Okontrè, Fil 1.10; Wòm 16.19; Jen 2.17 se granmoun ki manje gwo manje, paske granmoun yo konn jije, yo konn fè diferans ant sa ki bon ak sa ki mal.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.