1Lavi yon nonm sou latè, se tankou sèvis
13M te Jòb 9.27 di nan kè m:
M pral lage kò m yon kote.
M'a pran yon ti kanpo.
Si m dòmi, m'a jwenn yon ti soulajman!
14Men, ou fè m fè yon bann vye rèv k'ap fè m pè.
M'ap fè yon bann vye vizyon k'ap fè m tranble.
15Lè Jòb 19.20; 30.17 konsa, pito moun te trangle m.
Pito m te mouri pase pou m soufri tout doulè sa yo.
16Se Jòb 9.21; 10.1,20; Sòm 39.13 fini m'ap fini. Fòk mwen mouri yon jou!
Kite m pou kont mwen. Lavi m prèt pou bout!
17Kisa Sòm 8.4; 144.3; Eb 2.6 lèzòm ye pou ou pran ka yo konsa?
Kisa yo ye menm pou w'ap okipe yo konsa?
18Chak Sòm 11.4,5; 17.3 maten ou pase wè jan yo ye.
Chak lè, w'ap gade nan fon kè yo, w'ap sonde yo.
19Kilè Jòb 14.6 w'a sispann gade m?
Ban m yon ti souf non kont pou m vale krache m!
20Si m Jòb 16.12; Eza 27.3; Lam 3.12 fè peche, kisa m fè ou?
Di m non, ou menm k'ap veye tou sa moun ap fè?
Poukisa w'ap plante tout flèch ou yo nan kò m konsa?
Poukisa ou fè m tounen yon chay pou ou?
21Se Jòb 7.8; Da 12.2 sipòte ou pa ka sipòte ankò sa mwen fè ki mal?
Se padonnen ou pa ka padonnen peche m yo?
Talè konsa mwen pral anba tè.
W'a chache m, ou p'ap jwenn mwen ankò.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.