1Lè sa a, Ewòd ki t'ap gouvènen nan peyi Mak 6.14,17-29; Lik 9.7-9 Galile tande Lik 3.19,20 pale sou Jezi.
2Li di moun ki t'ap travay avè l yo:
— Se Jan Batis wi! Se li ki leve vivan nan lanmò. Se poutèt sa li ka fè tout mirak sa yo.
3Se Mat 11.2 Ewòd menm ki te fè arete Jan Batis. Li te fè mare l mete nan prizon poutèt Ewodyad, madanm Filip, frè li.
4Paske Lev 18.16; 20.21 Jan te di Ewòd konsa:
— Ou pa gendwa pran Ewodyad pou madanm ou.
5Ewòd Mat 21.26 te vle touye l, men li te pè jwif yo, paske yo tout te pran Jan Batis pou yon pwofèt.
6Men, jou fèt Ewòd la, pitit fi Ewodyad la t'ap danse devan tout envite yo. Sa te fè Ewòd plezi anpil.
7Lè sa a, Ewòd sèmante l'ap ba li nenpòt kisa li ta mande li.
8Pitit fi Ewodyad la menm koute konsèy manman l te ba li, li di Ewòd:
— Fè pote tèt Jan Batis ban mwen kounyeya sou yon plato.
9Kè wa a kase. Men, akòz gwo sèman li te fè devan tout envite yo, li bay lòd pou yo bay fi a sa l te mande a.
10Se Mat 17.12 konsa, Ewòd voye koupe tèt Jan Batis nan prizon an.
11Yo pote tèt la vini sou yon plato, yo renmèt fi a li. Fi a menm pote l bay manman li.
12Patizan Jan Batis yo vin pran kò a, yo antere li. Apre sa, y'al di Jezi sa ki te pase.
Jezi bay senkmil moun manje(Mak 6.30-44; Lik 9.10-17; Jan 6.1-14)13Lè Mak 6.31-44; Lik 9.10-17; Jan 6.1-13 Jezi pran nouvèl sa a, li pati nan yon kannòt. Li te vle al yon kote ki pa gen moun pou l te ka pou kont li. Men, moun yo vin konn sa. Yo kouri sòti nan tout lavil yo, yo pran mache sou rivay la ap swiv li.
14Lè Mat 9.36 Jezi desann sòti nan kannòt la, li wè tout foul moun yo. Kè l fè l mal pou yo, li pran geri moun malad yo.
15Lè solèy fin kouche, disip Jezi yo pwoche bò kote l, yo di l konsa:
— Li fin ta wi. Pa gen moun ki rete bò isit la. Voye moun yo ale pou yo ka achte manje nan bouk yo.
16Jezi reponn yo:
— Yo pa bezwen ale. Ba yo manje nou menm.
17Men yo di li:
— Se senk pen ak de pwason ase nou gen la a.
18Jezi di yo:
— Pote yo ban mwen.
19Apre sa, li bay lòd fè moun yo chita sou zèb la. Li pran senk pen yo ak de pwason yo, li leve je l nan syèl la, li di Bondye mèsi. Li kase pen yo, li bay disip yo. Disip yo menm mache bay tout moun.
20Tout 2 Wa 4.44 moun manje vant plen. Apre sa, disip yo plen douz panyen ak ti moso ki te rete, yo pote ale.
21Te gen senkmil (5,000) gason konsa ki te jwenn manje pou yo manje, san konte fanm ak timoun.
Jezi mache sou dlo(Mak 6.45-52; Jan 6.15-21)22Touswit Mak 6.45-56; Jan 6.15-21 apre sa, Jezi fè disip li yo moute nan kannòt la, li voye yo devan lòt bò lanmè a. Li menm, li te rete dèyè pou l te voye moun yo ale.
23Lè Lik 6.12; 9.18 li fin voye yo ale, li moute pou kont li sou yon ti mòn pou l lapriyè. Solèy te fin kouche, li te la toujou pou kont li.
24Kannòt la menm te gentan yon bon distans sou lanmè a. Men, lanm yo t'ap bat li, paske van an te kontrè pou yo.
25Douvan jou, Jezi pran mache sou dlo a pou l'al jwenn yo.
26Lè Lik 24.37 disip yo wè l'ap mache sou dlo a, yo te pè anpil paske yo t'ap di:
— Woy, men yon zonbi.
Yo pran rele tèlman yo te pè.
27Menm lè a, Jezi di yo:
— Pran tèt nou. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè.
28Lè sa a, Pyè di li:
— Mèt, si se ou menm vre, di m vin jwenn ou sou dlo a.
29Jezi di li:
— Vini non.
Pyè sòti nan kannòt la, li konmanse mache sou dlo a pou l'al jwenn Jezi.
30Men, lè Pyè wè jan van an te fò, li pè. Lè sa a, li konmanse koule, li pran rele:
— Mèt, sove m non!
31Menm Mat 8.26 lè a, Jezi lonje men l, li pran Pyè, li di li:
— Gade jan ou manke konfyans. Poukisa ou pa te fin kenbe konfyans ou nèt?
32Yo tou de moute nan kannòt la, lamenm van an kase.
33Lè sa a, moun ki te nan kannòt la vin mete ajenou devan Jezi, yo di:
— Ou se pitit Bondye a vre.
Jezi geri anpil malad Jenezarèt(Mak 6.53-56)34Lè yo fin janbe lòt bò lanmè a, yo fè tè nan peyi Jenezarèt.
35Moun peyi a rekonèt Jezi, yo voye nouvèl la nan tout rejyon an. Yo mennen tout malad yo ba li.
36Yo Mat 9.21; Lik 6.19 di Jezi:
— Tanpri souple, kite malad yo manyen bò rad ou ase.
Tout moun malad ki te manyen rad li te geri.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.