Nonb 14 - 1998 Haitian Creole

Plenyen pèp Izrayèl la(Detewonòm 1.26-33)

1Lè sa a, pèp la pran rele byen fò, yo pase tout nwit la ap kriye san rete.

2Yo

26Apre sa, Senyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:

27— Kilè Egz 16.7,12 bann moun mechan sa yo va sispann bougonnen sou do mwen konsa? Mwen bouke tande jan moun pèp Izrayèl yo ap pale m mal.

28Men Nonb 14.2 sa pou ou di yo pou mwen: Se mwen menm menm, Senyè a, ki di sa. Menm jan nou wè m vivan an, mwen fè sèman sa nou te di k'ap rive nou an, se li k'ap rive nou vre.

29Y'ap Nonb 1.45; 1 Kor 10.5,10; Eb 3.17; Jid 5 antere kadav nou tout nan dezè a. Nou tout ki t'ap bougonnen sou mwen yo, nou tout yo te konte lè resansman an, nou tout ki gen ventan ak sa ki pi gran yo, nou yonn p'ap antre nan peyi a.

30Dakò! Det 1.35-38 Mwen te sèmante mwen t'ap fè nou al rete nan peyi a. Men nou yonn p'ap gen chans lan, esepte Kalèb pitit Jefoune ak Jozye pitit Noun.

31Nou Nonb 14.3; Sòm 106.24 te di pitit pitit nou yo pral tonbe anba men lènmi nou yo. Men, se yo menm m'ap fè antre nan peyi nou menm nou refize al pran an.

32Men, nou menm, y'ape antere nou isit nan dezè a.

33Pitit Nonb 32.13 nou yo pral moute desann nan tout dezè a. Pandan karant lanne, y'a peye pou vire nou te vire do ban mwen an, jouk nou tout nèt n'a fin mouri nan dezè a.

34Nou Nonb 13.25; Sòm 95.10; Eze 4.6 menm, n'a peye konsekans peche nou an pandan karant lanne, yon lanne pou chak jou nan karant jou nou te pase ap vizite peyi a. Lè sa a, n'a konnen sa sa vle di lè m vire do bay moun.

35Se Nonb 23.19 mwen menm, Senyè a, ki di sa: Mwen sèmante se konsa mwen pral aji ak bann moun sa yo ki mete tèt yo ansanm sou do m'. Yo tout gen pou yo disparèt nan dezè sa a. Wi, se la menm, yo tout ap mouri.

36Mesye Nonb 13.31 Moyiz te voye al rekonèt peyi a te fè tout pèp la ap bougonnen sou Moyiz avèk move rapò yo te fè sou peyi a, lè yo te tounen an.

37Se 1 Kor 10.5,10; Jid 5 konsa yon sèl maladi tonbe sou mesye sa yo ki te pale peyi a mal konsa. Yo tonbe, yo mouri frèt devan Senyè a.

38Nan Nonb 26.65 douz mesye ki te al vizite peyi a, se de sèlman ki pat mouri: se te Jozye, pitit gason Noun lan, ak Kalèb, pitit gason Jefoune a.

Izrayèl vle pran peyi Kanaran ak pwòp fòs yo(Detewonòm 1.41-46)

39Lè Egz 33.4 Moyiz di moun pèp Izrayèl yo tout pawòl sa yo, sa te fè yo lapenn anpil.

40Nan Det 1.41 denmen maten, byen bonè, yo leve pou y'al janbe lòt bò mòn yo pou yo antre nan peyi a. Yo t'ap di:

— Men nou! Nou pare pou n'ale kote Senyè a di pou n ale a. Nou rekonèt sa nou te fè a mal.

41Men 2 Kwo 24.20; Jòb 9.4 Moyiz di yo:

— Poukisa pou n'ap dezobeyi lòd Senyè a ankò? Sa p'ap mache pou nou non, fwa sa a!

42Piga Det 1.42 nou moute. Senyè a vire do ban nou, nou pa bezwen ale fè lènmi nou yo bat nou pou gremesi.

43Lè n'a rive devan moun Amalèk yo ak moun Kanaran yo, nou pral mouri nan batay la. Senyè a p'ap kanpe la avèk nou, paske nou te vire do ba li.

44Pèp Det 1.43 la fè tèt di, yo moute moute yo sou mòn yo pou yo seye antre nan peyi a. Men, ni Bwat Kontra Senyè a, ni Moyiz pa deplase kote yo te ye nan kan an.

45Se konsa moun Amalèk yo ak moun Kanaran yo ki te rete nan mòn yo desann, yo bat yo, yo kouri dèyè yo jouk yon kote yo rele Oma.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help