2 Samyèl 16 - 1998 Haitian Creole

David ak Ziba

1David te fèk fin kite tèt mòn nan lè Se la yo rete pran souf.

Absalon antre Jerizalèm

15Absalon 2 Sam 15.37 antre lavil Jerizalèm ansanm ak tout moun peyi Izrayèl yo. Achitofèl te ansanm ak yo.

16Lè 1 Sam 10.24; 2 Sam 15.37; 1 Wa 1.25,39; 2 Wa 11.12 Ouchayi, bon zanmi David la, kontre ak Absolon, li di:

— Viv wa a! Viv wa a!

17Absalon di l konsa:

— Se konsa ou te bon zanmi David la? Poukisa ou pat ale ansanm avè l?

18Ouchayi reponn li:

— Ki jan pou m ta fè sa? Se pou moun Senyè a ansanm ak moun sa yo ak tout moun peyi Izrayèl yo chwazi a mwen ye. Se avè l pou m rete.

19Lèfini, 2 Sam 15.34 ki moun pou m ta sèvi si se pa pitit mèt mwen an? Menm jan mwen te sèvi papa ou, konsa m'a sèvi ou tou.

20Apre sa, Absalon vire bò Achitofèl, li di l konsa:

— Ann antann nou sou sa nou pral fè kounyeya.

21Achitofèl 2 Sam 15.16; 20.3 reponn:

— Al kouche ak lòt fanm kay papa ou yo, sa li kite dèyè pou okipe palè a. Lè sa a, tout moun nan peyi Izrayèl la va konnen bagay la gate nèt ant ou menm ak papa ou. Konsa, moun ki avè ou yo ap vin pi ankouraje.

22Se 2 Sam 12.11,12 konsa yo moute yon tant pou Absalon sou teras do palè a. Epi la, devan je tout moun peyi Izrayèl yo, Absalon kouche tout mètrès papa li yo.

23Lè 2 Sam 15.12 sa a, nenpòt konsèy Achitofèl te bay se tankou si se te pawòl Bondye. Ni David ni Absalon te toujou swiv konsèy li yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help