1Timoun, se devwa nou tankou moun ki kwè Kol 3.20 nan Senyè a pou n obeyi papa nou ak manman nou, paske sa se yon bagay ki dwat devan Bondye.
2Trete Egz 20.12 manman ou ak papa ou avèk onè, avèk respè. Sa se premye kòmandman an ki gen yon pwomès dèyè li:
3Pou Det 5.16 nou ka viv lontan ak kè kontan sou latè.
4Kanta Kol 3.21; Eza 50.5; Pwo 2.2; 3.11; 19.18; Det 6.7,20-25; Sòm 78.4 nou menm, manman ak papa, pa aji ak timoun nou yo yon jan pou eksite yo. Men, ba yo bon levasyon, korije yo, pale ak yo dapre prensip Senyè a.
Devwa domestik ak mèt5Nou Kol 3.22-25; Tit 2.9,10; 1 Pyè 2.18 menm domestik, obeyi mèt nou gen sou latè a avèk respè, avèk krentif, ak tout kè nou menm jan nou ta sèvi Kris la.
6Se pa sèlman lè yo la ap gade nou pou nou aji konsa, tankou moun k'ap achte figi. Lekontrè, fè sa Bondye vle nou fè a ak tout kè nou, tankou moun k'ap sèvi Kris la.
7Fè travay nou ak kè kontan, tankou si se pa pou moun nou t'ap travay, men pou Senyè a.
8Paske 2 Kor 5.10 chonje byen: kit yon moun esklav, kit li lib, li gen pou l resevwa sa ki pou li nan men Senyè a, dapre bon travay li fè a.
9Nou Kol 4.1; 2 Kwo 19.7; Tra 10.34 menm mèt, se pou n aji menm jan an tou ak moun k'ap sèvi nou yo. Pa fè yo okenn menas. Toujou chonje ni nou menm, ni domestik nou yo, nou gen yon sèl Mèt nan syèl la, ki pa gade sou figi moun.
Zam yon kretyen10Pou 1 Kor 16.13; 1 Jan 2.14 fini, chache fòs nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Senyè a ak nan gwo pouvwa li.
11Pran Ef 4.14; 2 Kor 10.4 mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan.
12Paske, Ef 2.2; Jan 14.30; Kol 1.13; 1 Pyè 5.8,9 se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k'ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a.
13Se 1 Wa 20.11 poutèt sa, depi kounyeya, pran tout zam Bondye bay yo. Konsa, lè move jou a va rive, n'a ka kenbe tèt ak lènmi an. Lè batay la va fini nèt, n'a kanpe la byen fèm nan pozisyon nou toujou.
14Pare Eza 11.5; 59.17; Lik 12.35; 1 Pyè 1.13; 1 Tes 5.8 kò nou: mare verite a tankou yon sentiwon nan ren nou. Pwoteje nou ak jistis Bondye a tankou plak pwotèj sòlda yo mete sou lestonmak yo pou pwoteje yo.
15Pou Eza 52.7; 40.3,9 soulye nan pye nou, mete aktivite pou anonse bòn nouvèl k'ap fè moun viv ak kè poze a.
16Toujou 1 Pyè 5.9; 1 Jan 5.4 pran konfyans nou gen nan Bondye a tankou yon defans ki va penmèt nou pare tout flèch Satan an ap voye tou limen sou nou.
17Resevwa 1 Tes 5.8; Oze 6.5; Eza 11.4; 49.2; 51.16 pouvwa Bondye k'ap delivre nou an tankou yon kas an fè nan tèt nou. Asepte pawòl Bondye a tankou yon nepe Sentespri a ban nou.
18Pandan Mat 26.41; Kol 4.2,3 n'ap fè tou sa, pa janm bliye lapriyè. Mande Bondye konkou li. Lapriyè nan tout sikonstans avèk pouvwa Sentespri a. Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, kenbe fèm nan sa n'ap fè a. Lapriyè pou tout pèp Bondye a.
19Lapriyè Kol 4.3; 2 Tes 3.1; Tra 4.29 pou mwen tou, pou Bondye ka mete pawòl nan bouch mwen lè m'a gen pou m pale, pou m ka pale avèk lasirans, pou moun ka rive konnen sekrè ki nan bòn nouvèl la.
20Nou 2 Kor 5.20; Kol 4.4 mèt wè m nan prizon kounyeya, se Bondye ki ban m misyon fè konnen bòn nouvèl la. Lapriyè pou mwen pou m ka pale avèk lasirans, jan m dwe fè l la.
Dènye salitasyon21Tichik, Tra 20.4; Kol 4.7; 2 Tim 4.12 frè nou renmen anpil la epi ki yon bon sèvitè nan travay Senyè a, va ban nou tout nouvèl mwen, pou nou ka konnen jan zafè m ap mache.
22M'ap Kol 4.7,8 voye l tout espre pou l sa di nou kouman mwen ye, pou nou pa fin dekouraje, pou sa remoute kouray nou.
23Mwen mande Bondye, Papa a, ansanm ak Jezikri, Senyè a, pou yo bay tout frè yo kè poze, renmen ak konfyans nan Bondye.
24Benediksyon 1 Pyè 1.8 Bondye pou tout moun ki renmen Jezikri, Senyè nou an, ak yon renmen ki p'ap janm fini.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.