1(2) Konbe tan ankò w'a bliye m, Senyè? Gen lè ou bliye m nèt?
Konbe tan ankò m'a rete san m pa wè ou?
2(3) Konbe 1 Sam 14.27; Esd 9.8; Pwo 29.13; Ef 1.18 tan ankò pou m soufri?
Konbe tan ankò pou m gen lapenn nan kè mwen, pou m gen lapenn lajounen kou lannwit?
Konbe tan ankò lènmi m yo va pilonnen m anba pye yo?
3(4) Gade m Det 32.27 non, Senyè! Reponn mwen non, Bondye mwen!
Kenbe m pou m pa mouri.
4(5) Konsa, Sòm 9.14 moun k'ap pèsekite m yo p'ap ka di: Nou fini avè l!
Yo p'ap gen chans wè m tonbe pou yo kontan!
5(6a) Pou Sòm 116.7; 119.17 mwen menm, se sou ou mwen konte, paske ou renmen m anpil.
Kè m kontan, paske ou delivre mwen.
6(6b) M'ap chante pou Senyè a, paske li te bon pou mwen.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.