1Eliyou pran lapawòl ankò, li di:
2— Pa Jòb 32.2 konprann ou gen rezon
lè w'ap di ou inonsan devan Bondye,
3lè Jòb 34.9 w'ap di Bondye: Ki mele ou sa?
M te mèt peche, sa pa fè ou anyen.
4Enben. Jòb 34.8,36 Mwen pral reponn ou,
ni ou ni zanmi ou yo.
5Gade Jòb 22.12; Pwo 8.36 syèl la!
Ou wè jan nyaj yo wo anwo tèt ou!
6Si Jer 7.19 ou fè peche, sa pa fè Bondye anyen!
Ou te mèt fè peche sou peche, sa pa di l anyen?
7Si Jòb 22.2,3; 41.11; Wòm 11.35 ou mache dwat, ki avantaj Bondye jwenn nan sa?
Kisa ou ba li la a?
8Se moun parèy ou ki soufri lè ou fè sa ki mal.
Se yo ki pwofite tou lè ou fè sa ki dwat.
9Lè Egz 2.23; Jòb 22.8; 34.28 moun ap sibi anba ponyèt lòt moun, yo plenyen.
Lè se chèf k'ap peze yo, yo rele.
10Men, Det 32.6; Sòm 42.8; 77.6; 149.5; Eza 51.13; Tra 16.25 yo pa vire kote Bondye ki kreye yo a.
Yo te mèt nan nenpòt gwo lapenn, se li menm k'ap ba yo kouray.
11Yo Eza 28.26 pa vire kote Bondye ki ba yo plis lespri pase bèt nan bwa,
plis bon konprann pase zwazo nan syèl la.
12Yo Jòb 27.9 rele kont rele yo, Bondye pa reponn yo,
paske mechan yo gen lògèy.
13Se pou gremesi y'ap plede rele konsa.
Bondye pa tande, li pa wè.
14Jòb Jòb 9.11; 13.15; 23.8,9 monchè, ou di ou pa ka wè Bondye.
Men, ou mete ka ou devan li.
15Ou Sòm 89.32 di ankò: Bondye pa nan pini.
Mwen te mèt peche, sa pa di l anyen.
16Jòb Jòb 34.35,37; 38.2 monchè, w'ap louvri bouch ou pou ou pa di anyen.
W'ap fè tout pale anpil sa a paske ou pa konn sa w'ap di.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.