1Senyè a pale ak Moyiz, li di li:
2— Men Egz 28.38; Nonb 6.3; 18.32; Det 15.19 sa w'a di Arawon ak pitit gason l yo. Se pou yo konnen ki jan pou yo sèvi ak sa moun pèp Izrayèl yo ofri m, ofrann yo mete apa pou mwen, pou yo pa derespekte non m. Se mwen menm ki Senyè a.
3W'a Lev 7.20 di yo pou mwen: Lè yon gason nan fanmi nou pa nan kondisyon pou fè sèvis mwen, si li pwoche bò kote ofrann moun pèp Izrayèl yo mete apa pou mwen, piga yo janm kite l parèt devan m ankò! Se mwen menm ki Senyè a.
4Si Lev 14.2; 15.2,13,16; Nonb 19.11,22 yon gason nan branch fanmi Arawon an gen yon move maladi po osinon ekoulman, li p'ap ka manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye toutotan li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. Konsa tou, si yon prèt manyen yon kadav, osinon yon nonm ki gen ekoulman, li pa nan kondisyon pou l fè sèvis Bondye a.
5Ou Lev 11.24,43; 15.7,19 ankò si yon prèt manyen yonn nan bèt k'ap trennen sou vant yo, bèt ki ka mete l nan kondisyon pou l pa kapab fè sèvis Bondye, ou ankò si li manyen yon moun ki dejà nan kondisyon sa a pou tèt pa l, prèt la tou pa ka fè sèvis Bondye.
6L'a Lev 15.5-11 rete nan kondisyon sa a jouk aswè, lèfini tou li p'ap ka manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye yo. Se pou li pran yon bon beny nan dlo anvan.
7Apre Nonb 18.11,13 solèy kouche, l'a nan kondisyon pou l fè sèvis Bondye. Se lè sa a l'a ka manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye a, paske se sa ki manje l.
8Li Lev 17.15 pa gendwa manje ni vyann bèt ki mouri mò natirèl, ni vyann bèt bèt nan bwa touye. Bagay konsa ap mete l nan kondisyon pou li pa kapab fè sèvis Bondye. Se mwen menm ki Senyè a!
9Se Egz 28.43 pou tout prèt yo swiv regleman mwen bay yo. Si yo pa swiv yo, y'a koupab, epi y'ap mouri paske yo pa respekte lòd Bondye menm te bay yo.
Se mwen menm ki Senyè a, se mwen menm ki mete yo apa pou yo viv apa pou mwen.
10Depi Egz 29.33; Nonb 18.11 yon moun pa fè pati fanmi prèt yo, li te mèt yon moun ki rete lakay yon prèt osinon yon moun k'ap travay pou lajan l lakay prèt la, li pa gendwa manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye yo.
11Men, esklav yon prèt, kit se achte li te achte l, kit li te fèt lakay li, gendwa manje nan manje prèt la resevwa a.
12Si pitit fi yon prèt marye ak yon nonm ki pa prèt, li p'ap ka manje anyen nan ofrann yo fè pou Bondye yo.
13Men, Jen 38.11; Lev 10.14; Nonb 18.19 si pitit fi a vèv osinon si li divòse, si li pa gen pitit epi li tounen kay papa l sou kont papa l, la ka manje nan manje papa l. Men, moun ki pa fè pati fanmi prèt yo pa gendwa manje anyen ladan l.
14Si Lev 5.15,16 yon moun ki pa fè pati fanmi prèt yo manje nan manje yo mete apa pou Bondye a san li pa konnen, li gen pou l renmèt sa l manje a plis ven pou san valè bagay la.
15Prèt Lev 19.8; Nonb 18.32 yo pa gendwa kite moun ki pa fè pati fanmi yo derespekte manje yo mete apa pou Bondye.
16Si yo kite sa rive, moun lan va antò, l'ap peye pou sa. Se mwen menm ki Senyè a. Se mwen menm ki mete ofrann yo apa pou mwen.
17Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
18— Pale Nonb 15.14 ak Arawon ak pitit gason l yo ak tout moun pèp Izrayèl la. Men sa w'a di yo: Lè yon moun nan pèp Izrayèl la, osinon yon moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a fè ofrann pou boule pou Senyè a, kit se paske li te fè yon ve, kit se paske li menm li fè lide fè ofrann lan,
19se Lev 1.3,10 pou l chwazi yon towo bèf, yon belye osinon yon bouk kabrit san okenn enfimite si li vle pou m asepte ofrann lan.
20Si Det 15.21; 17.1; Mal 1.8,14; Eb 9.14; 1 Pyè 1.19 nou ofri yon bèt ki gen nenpòt enfimite, Senyè a p'ap asepte l nan men nou.
21Lè Lev 3.1,6; 7.16 yon moun ap fè ofrann pou di Bondye mèsi, kit se paske li te fè yon ve, kit se paske li menm li vle fè ofrann lan, se pou bèt l'ap ofri a, li te mèt gwo bèt, li te mèt ti bèt, pa gen okenn enfimite, si li vle pou m asepte l.
22Piga Lev 21.18-20 nou janm ofri bay Senyè a bèt je pete, bèt k'ap bwete, bèt ki pèdi janm, bèt ki gen maleng, bèt ki gen maladi po. Piga nou janm pran yon bèt konsa pou nou mete sou lotèl la pou nou boule nan dife pou Senyè a.
23Lè nou menm nou fè lide fè yon ofrann pou Senyè a, nou ka ofri yon towo bèf osinon yon belye ki difòm osinon ki kata. Men, nou pa ka sèvi ak yo pou yon ofrann n'ap fè paske nou te fè yon ve. Mwen p'ap asepte l.
24Pa ofri bay Senyè a yon mal bèt ki gen grenn li yo foule, kraze, rache, osinon koupe. Nou pa gendwa ofri bèt konsa nan peyi nou an.
25Piga Nonb 15.15; Mal 1.14 nou pran bèt moun lòt nasyon fè nou kado pou n ofri bay Senyè a. Paske bèt konsa pa antye, yo manke kichòy nan kò yo. Senyè a p'ap asepte yo nan men nou.
26Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
27— Lè Egz 22.30 yon ti bèf, yon ti mouton osinon yon ti kabrit fenk fèt, se pou nou kite l dèyè manman l pandan sèt jou. Depi sou uityèm jou a, nou gendwa ofri l pou boule nan dife pou Senyè a.
28Kit Det 22.6 se bèf, kit se mouton, pa janm ofri yon bèt ansanm ak pitit li menm jou a.
29Lè Lev 7.12; Am 4.5 n'ap fè ofrann pou di Bondye mèsi, se pou nou swiv tout regleman yo si nou vle Senyè a asepte ofrann lan nan men nou.
30Se Lev 7.15 pou nou manje l menm jou a. Pa kite anyen pou denmen maten. Se mwen menm ki Senyè a!
31Se Lev 19.37 pou nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè. Wi, se pou nou swiv lòd mwen yo. Se mwen menm ki Senyè a!
32Piga Lev 10.3; 18.21; 20.8 nou derespekte non mwen. Se pou tout moun pèp Izrayèl la respekte m. Se mwen menm ki Senyè a, se mwen menm ki mete nou apa pou nou viv apa pou mwen.
33Se Egz 6.7 mwen menm ki te fè nou sòti kite peyi Lejip pou m te ka Bondye nou. Se mwen menm ki Senyè a!
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.