1Nou menm jwif lavil Jerizalèm yo ansanm ak jwif ki rete nan peyi Jide yo, nou voye gwo bonjou pou jwif, frè parèy nou yo, ki nan peyi Lejip. Nou ta renmen wè yo viv ak kè poze nèt ale.
2Nou mande Bondye pou li vide benediksyon sou nou, epi pou li pa bliye kontra li te pase ak Abraram, Izarak ak Jakòb, moun ki te sèvi l san dezanpare yo.
3Nou mande l pou li ban nou tout kalite bon santiman pou nou ka sèvi l, pou nou ka fè volonte li ak tout kè nou san gad dèyè,
4pou li louvri lespri nou pou nou ka konprann lalwa ak kòmandman li yo, pou li fè nou viv byen yonn ak lòt,
5pou li tande lapriyè n'ap fè nan pye l, pou li byen ak nou ankò, lèfini pou li pa lage nou lè nou nan malè.
6Men sa n'ap mande nan lapriyè n'ap fè pou nou isit la kounyeya.
7Sou reny Demetriyis, nan lanne sanswasantnèf (169), nou menm jwif yo nou te ekri nou yon premye lèt. Lè sa a, nou te anba gwo pèsekisyon ki te tonbe sou nou. Nou t'ap pase yon move kriz nan lanne sa yo depi lè Jason ak patizan l yo te trayi peyi Bondye a ansanm ak gouvènman l lan.
8Yo te boule gwo pòtay tanp lan, yo te ansasinen yon bann inonsan. Men, nou te lapriyè nan pye Granmèt la, li te reponn nou. Nou te ofri bèt pou touye pou li, nou te fè ofrann bon jan farin, nou te limen lanp yo, lèfini nou te mete pen sou tab la pou li.
9Jòdi a n'ap ekri nou yon dezyèm fwa pou mande nou pou nou fete fèt Tonnèl yo nan mwa Kislèv la.
Se nan lanne sankatreven owit (188) lèt sa a te ekri.
Dezyèm lèt pou jwif nan peyi Lejip yo10Moun lavil Jerizalèm yo ak moun peyi Jide yo ansanm ak Konsèy chèf fanmi yo ak Jida voye gwo bonjou pou Aristobil, konseye wa Toleme a, yon manm nan fanmi prèt yo mete apa pou sèvis Bondye a, ak pou tout jwif ki nan peyi Lejip. Nou ta renmen wè yo jwi lasante.
11Bondye te delivre nou anba gwo danje. Nou di l mèsi anpil ak tout kè nou dèske li te kanpe pou l defann kòz nou devan wa a.
12Se li menm ki te fè lame lènmi ki t'ap mache vin atake lavil ki apa pou li a kouri met deyò.
13Wi, lè wa a ale nan peyi Pès la ak yon lame ki te sanble yon lame moun pa ka bat menm lan, yo dekoupe l an ti mòso nan tanp zidòl fanm yo rele Naneya a, gremesi yon pèlen prèt Naneya yo te pare pou li.
14Wa Antyokis te pran pòz li ta vle marye ak Naneya. L'ale nan tanp lan ansanm ak zanmi l yo pou li te pran tout gwo richès ki te nan tanp lan tankou lajan garanti maryaj la.
15Lè prèt Naneya yo fin mete tout richès yo deyò pou fè moun wè, wa a antre anndan tanp lan ak de twa nan moun pa l yo. Antre Antyokis antre, prèt yo fèmen pòt badji a,
16yo louvri yon ti pòt ki te kache nan plafon an, epi ak koutwòch yo touye wa a ansanm ak zanmi l yo. Apre sa, yo koupe tèt yo, bra yo ak pye yo, yo voye yo jete bay moun ki te deyò yo.
17Lwanj pou Bondye nou nan tout bagay, paske se li menm ki te lage moun k'ap fè sa ki mal yo nan men moun ki pou touye yo!
18N'ap pare kounyeya pou nou fete jou yo te mete tanp lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. Se va pou vennsenk nan mwa Kislèv la. Se konsa nou kwè se te yon bon bagay pou nou te ekri nou fè nou konnen sa, pou nou menm tou, bò pa nou nan peyi Lejip, nou ka fete fèt Tonnèl yo pou dife ki te parèt lè Neyemi t'ap touye bèt yo te ofri bay Bondye yo, apre li te fin bati Tanp lan ak lotèl la.
19Chonje kijan sa te pase. Lè yo t'ap depòte zansèt nou yo nan peyi Pès la, prèt ki t'ap sèvi Bondye ak tout kè yo lè sa a pran dife ki te sou lotèl la, y'al kache l san pèsonn pa konn sa nan yon twou sitèn ki pa te gen dlo ladan l. Yo te sere dife a sitèlman byen sere pèsonn pa te konnen kote li te ye.
20Anpil lanne te vin pase anvan lè Bondye te fikse a rive. Lè wa peyi Pès la voye Neyemi tounen nan peyi Jide, Neyemi voye pitit prèt ki te kache dife a al chache dife a pote ba li. Men yo vin di l yo pa jwenn dife a. Se yon dlo pwès ase yo jwenn nan twou a. Neyemi ba yo lòd pou yo pran ti gout ladan l pote ba li.
21Lè tout bagay te pare pou ofrann bèt yo, Neyemi bay prèt yo lòd pou yo wouze bwa yo ansanm ak tou sa yo te mete sou bwa yo ak dlo pwès la.
22Yo fè sa vre. Men, lè sa a solèy la te kache dèyè nyaj yo. Lè apre sa solèy la klere ankò, yon sèl dife pete sou lotèl la. Tout moun te sezi.
23Antan bèt yo te ofri yo t'ap boule, prèt yo pran lapriyè. Tout lòt moun yo pran lapriyè ansanm ak yo tou. Jonatan konmanse lapriyè a, epi tout rès moun yo t'ap reponn. Se Neyemi ki t'ap dirije yo.
24Men kijan lapriyè a te pati:
— Granmèt, Bondye Granmèt, ou menm ki kreye tout bagay, ou menm pou moun pè, Bondye ki gen pouvwa, Bondye ki fè sa ki dwat, epi ki gen bon kè, ou menm ki sèl wa, se ou menm ase ki bon,
25ou menm ase ki konn bay, ki fè sa ki dwat, ou gen tout pouvwa, ou la pou tout tan. Se ou menm ki te delivre pèp Izrayèl la anba tout malè, ou menm ki te chwazi zansèt nou yo pou mete yo apa pou ou,
26tanpri, asepte ofrann bèt nou touye pou ou a nan non tout pèp Izrayèl la, pèp ki rele ou pa ou la. Pwoteje yo, fè yo viv apa pou ou.
27Sanble sa ki gaye nan lòt peyi yo. Delivre sa ki nan esklavaj nan mitan moun lòt nasyon yo. Nan bon kè ou, voye je ou sou sa y'ap meprize yo, sou sa yo pa vle wè yo, pou lòt nasyon yo ka konnen se ou menm ki Bondye nou.
28Pini moun k'ap toupizi nou yo, moun k'ap joure nou nan ensolanste yo.
29Men, fè pèp ou a pran rasin ankò nan peyi ki apa pou ou a, jan Moyiz di l la.
30Apre sa, prèt yo chante chante yo.
31Lè ofrann bèt la fin boule nèt, Neyemi bay lòd pou yo vide rès dlo pwès la sou de twa gwo wòch.
32Lè yo fè sa, yon gwo flanm dife limen. Men, dife ki te sou lotèl la te pi klere pase l, li vale l lapoula.
33Nouvèl la gaye toupatou. Y'al rakonte wa peyi Pès la ki jan gen yon kalite dlo ki te parèt kote prèt yo te depòte yo te kache dife lotèl la ak kijan Neyemi ak kanmarad li yo te sèvi avè l pou boule bèt yo te touye ofri bay Bondye yo.
34Wa a voye wè si se vre. Epi li fè yo bati yon miray kouwonnen kote a, li fè l tounen yon kote apa pou fè sèvis.
35Moun wa a te mete reskonsab kote sa a te resevwa yon pòsyon nan lajan kote sa a t'ap rapòte l la.
36Neyemi ak kanmarad li yo rele dlo pwès la nefta, ki vle di dlo kap mete nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Men, pifò moun te rele l naft.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.