1 Makabe 1 - 1998 Haitian Creole

Aleksann, wa moun Lagrès yo

1Istwa a konmanse ak Aleksann, pitit gason Filip, moun peyi Masedwàn. Li sòti ak yon lame nan peyi Kitim, l'al atake Dariyis, wa peyi Pès ak peyi Medi. Li bat li byen bat, epi li pran plas li. Se konsa, li mete peyi sa yo anba otorite peyi Lagrès.

2Apre sa, se pa de lagè li pa fè, li pran anpil lavil ak gwo ranpa, epi li touye tout wa nan zòn kote l pase yo.

3Li mache jouk nan dènye bout latè, li piye yon bann nasyon. Apre sa, latè frèt devan li. Aleksann menm kite lògèy pran tèt li, li vin awogan.

4Li te moute yon gwo gwo lame, li fè bann nasyon ki nan tout zòn yo ansanm ak tout fanmi chèf yo soumèt devan li. Li fòse yo tout peye l taks.

5Apre sa, li pran kabann. Sitèlman li te malad, li te konnen li tapral mouri.

6Li fè rele tout jeneral lame l yo, tout mesye gran fanmi lasosyete ki te elve ansanm avè l depi lè l te jenngason an, epi anvan li mouri, li separe gwo peyi li t'ap gouvènen an, li ba yo chak yon pòsyon.

7Aleksann te gen douzan depi li t'ap gouvènen lè li mouri.

8Jeneral lame li yo pran kòmandman an, yo chak nan zòn li te ba yo a.

9Apre Aleksann mouri, yo chak moute wa nan zòn pa yo. Lè yo menm yo mouri, pitit yo moute wa nan plas yo, apre sa pitit pitit yo pandan lontan. Toupatou sou latè mesye sa yo t'ap simen malè.

Antyokis Epifanès ak jwif ki trayi relijyon yo(2 Makabe 4.7-17)

10Nan fanmi yonn nan jeneral sa yo sòti yon chèf ki te mechan anpil jouk nan nanm. Se te Antyokis Epifanès, pitit wa Antyokis la, ki te pase kèk tan prizonye lavil Wòm kote yo te kenbe l tankou yon garanti. Lè li moute wa, te gen santrannsetan (137 an) depi fanmi li te wa nan peyi a.

11Lè sa a, yon bann move sije leve nan mitan pèp Izrayèl la. Yo pat respekte lalwa a, yo pran tèt anpil moun nan pèp la. Yo t'ap mache di:

— Annou wè! Mete tèt nou dakò ak moun lòt nasyon k'ap viv bò kote nou yo, paske depi nou mete kò nou apa a se malè ase k'ap tonbe sou nou.

12Anpil moun te kwè se te bon koze.

13Se konsa anpil ladan yo leve cho cho, y'al jwenn wa a ki ba yo otorizasyon pou yo swiv koutim moun lòt nasyon yo.

14Lè sa a, yo bati nan lavil Jerizalèm yon estad, yon kay pou fè egzèsis tankou moun lòt nasyon yo konn fè l la.

15Yo fè operasyon pou kache kote yo te sikonsi a, yo voye jete kontra Bondye a, epi yo konmanse al mete tèt yo ansanm ak moun lòt nasyon yo. Yo vann tèt yo, yo lage kò yo nan fè sa ki mal.

Antyokis atake peyi Lejip yon premye fwa(2 Makabe 5.11-20)

16Lè Antyokis fin mete gouvènman l lan kanpe byen fèm, li pran desizyon pou li mete peyi Lejip anba ponyèt li tou, pou l te ka gouvènen l ansanm ak peyi Siri.

17Li desann, li anvayi peyi Lejip ak yon kokennchenn lame, anpil cha lagè, yon bann elefan ak yon gwo flòt batiman.

18Li atake Toleme, wa peyi Lejip la, ki renka kò l kouri met deyò devan li. Anpil nan sòlda peyi Lejip yo mouri nan batay la.

19Antyokis pran tout lavil ak gwo ranpa peyi Lejip yo, li piye tout peyi a pote ale.

Antyokis piye lavil Jerizalèm

20Nan lanne sankaranntwa (143), apre li fin kraze peyi Lejip, antan li sou chemen pou l tounen lakay li, li mache sou peyi Izrayèl la, li atake lavil Jerizalèm ak yon gwo lame sòlda.

21Nan radiyès li, Antyokis antre nan tanp Bondye a, li pran lotèl an lò a, lanp sèt branch lan ak tout zouti ki mache avè l yo,

22tab pou pen yo mete apa pou Bondye yo, veso pou ofrann diven yo, gode yo, bòl an lò yo, plato pou pote chabon tou limen yo, rido a, kouwòn yo. Li dekole tout dekorasyon an lò yo te plake sou fasad devan tanp lan.

23Li pran tout bagay an lò ak an ajan ansanm ak tout lòt bagay ki te gen valè nan tanp lan. Li pase men l pran tout trezò li te jwenn kache nan tanp lan.

24Li ranmase tou sa, li pote yo ale nan peyi l. Li touye anpil moun, lèfini, nan ensolanste li, se pa de pawòl radiyès ki pa sot nan bouch li.

25Te gen gwo lapenn toupatou nan peyi Izrayèl la.

26Gwo chèf yo ansanm ak chèf fanmi yo t'ap plenn.

Jenngason ak jennfi yo t'ap depafini.

Figi bèl fanm yo fennen.

27Mesye ki te fenk marye yo t'ap chante chante lantèman.

Medanm ki fenk marye yo rete chita nan chanm yo nan gwo lapenn.

28Tè a t'ap tranble pou moun ki rete nan peyi a.

Lawont te fè tout moun fanmi Jakòb yo kouvri tèt yo.

Antyokis leve yon sèl pèsekisyon dèyè jwif yo(2 Makabe 5.21-26)

29Dezan apre sa, wa Antyokis voye chèf lame moun Mizi yo avèk yon gwo lame pran tout lavil peyi Jide yo. Lè chèf la rive lavil Jerizalèm,

30li pale dous ak moun yo, li fè yo konprann li pa te vin pou goumen, epi yo kwè l. Men, li rete konsa, li tonbe sou lavil la, li pote l yon gwo kou, li touye anpil anpil moun nan pèp Izrayèl la.

31Li piye lavil la, li mete dife toupatou ladan l, li kraze kay li yo ak gwo miray ranpa ki te fè wonn lavil la.

32Moun li yo pran medanm yo ak timoun yo, mennen yo ale tankou prizonye. Yo pran tout bèt gadinay yo pou yo.

33Apre sa, yo bati yon gwo miray byen wo ak fò won byen solid fè wonn zòn yo rele Lavil David la, yo fè l tounen yon sitadèl.

34Se la yo enstale bann jwif ki te trayi relijyon yo a, yon bann move sije. Se konsa yo ranfòse pozisyon yo.

35Yo pote yon bann zam ak pwovizyon mete an depo la. Se la yo te sere tou sa yo te pran nan lavil Jerizalèm. Sitadèl sa a te tounen yon gwo danje nan mitan lavil la.

36Se te yon gwo pèlen pou kay Bondye a,

yon malè pandye pou tout tan sou tèt pèp Izrayèl la.

37Yo touye anpil moun inonsan bò kote ki apa pou Granmèt la.

Yo derespekte kay Bondye a.

38Poutèt yo, moun lavil Jerizalèm yo kouri met deyò.

Epi lavil la tounen kote se moun lòt nasyon ase ki rete la.

Jerizalèm tounen yon peyi etranje pou pwòp pitit li yo,

ki te kouri kite l pou lòt moun yo.

39Tanp lan te rete vid tankou yon dezè.

Jou fèt yo te tounen jou lapenn.

Yo t'ap pase fèt jou repo yo nan betiz.

Yo pa te gade sa ki te fè respè lavil la pou anyen.

40Menm jan yon lè yo t'ap fè gwo lwanj pou li a,

lè sa a, yo t'ap avili li ak menm fòs la.

Sa ki te tout fòs li a tounen yon gwo lapenn.

Sèvis zidòl kanpe nan peyi a

41Apre sa, wa Antyokis fè parèt yon lwa pou mande tout moun nan tout peyi ki anba baton kòmandman li pou yo fè yon sèl pèp,

42pou yo voye jete tout mès ak tout koutim pa yo. Tout moun lòt nasyon yo te konfòme yo.

43Anpil moun nan pèp Izrayèl la te kontan asepte fè sèvis pou Zeyis, yo te ofri bèt pou touye pou zidòl yo, yo pa te respekte jou repo yo.

44Wa a menm te voye mesaje lavil Jerizalèm ak nan lòt lavil peyi Jide yo pote yon lòd ki mande pou tout moun swiv koutim ak mès yo pa te konn swiv nan peyi yo a,

45li defann yo fè ofrann bèt pou boule nèt sou lotèl la, ofrann bèt pou yo touye ak ofrann diven ak lwil nan kay yo mete apa pou Bondye a, lèfini pou yo pa respekte jou repo yo ak jou fèt yo,

46kay Bondye a ansanm ak tout lòt bagay yo te mete apa pou sèvis Bondye a.

47Nan menm lòd la, li mande jwif yo pou yo bati lotèl, tanp ak wogatwa pou fè sèvis zidòl, pou yo touye kochon ak lòt bèt ki pa bon pou fè sèvis Bondye,

48pou yo pa sikonsi pitit gason yo, pou yo fè tout kalite bagay kap mete yo nan kondisyon pou yo pa ka fè sèvis Bondye, bagay k'ap fè yo derespekte Bondye. Avèk sa, Bondye p'ap ka sipòte yo ankò.

49Konsa, y'a bliye Lalwa Moyiz te ba yo a, y'a chanje tou sa yo te konn fè.

50Depi yon moun pa swiv lòd wa a bay la, se pou yo pini l, se pou yo touye l.

51Wa a voye menm lòd sa yo kouche sou papye toupatou nan peyi ki anba kòmandman l yo, li chwazi moun li mete enspektè pou tout pèp la, lèfini li bay lòd pou yo ofri bèt pou yo touye pou zidòl nan chak lavil peyi Jide yo.

52Anpil moun nan pèp Izrayèl la vire do bay Lalwa Moyiz la, y'al jwenn enspektè sa yo pou yo fè sa yo t'ap mande yo fè a. Yo fè sa ki mal nan tout peyi a.

53Avèk moun sa yo, sa ki te kenbe pye Bondye pèp Izrayèl la fèm yo te blije al kache kò yo kote yo jwenn.

54Nan kenzyèm jou nan mwa Kislèv nan lanne sankarannsenk (145), wa Antyokis fè bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan: li bati yon lotèl anwo lotèl kote pou yo boule bèt yo ofri bay Bondye a, lèfini li fè mete lotèl nan tout lòt lavil peyi Jide yo.

55Yo t'ap boule lansan nan papòt tout kay yo ak sou plas piblik yo.

56Lè yo jwenn yon liv Lalwa Moyiz, yo dechire sa, yo boule l.

57Chak fwa yo te jwenn yon moun ak yon kopi Kontra Bondye a lakay li, osinon ap fè sa Lalwa Moyiz la mande l fè, yo te touye l dapre lòd wa a te bay la.

58Avèk pouvwa lafòs sa a nan men yo, moun sa yo te leve chak mwa dèyè moun pèp Izrayèl yo te bare ap dezobeyi lòd wa a.

59Chak mwa, nan vennsenkyèm jou a, yo te fè ofrann bèt pou yo touye sou lotèl yo te mete anwo lotèl kote yo te konn boule bèt nèt pou Granmèt la.

60Dapre lòd wa a te bay la, yo te touye tout manman ki te fè sikonsi pitit gason yo,

61avèk tibebe yo pandye nan kou yo. Yo te touye tout lòt moun ki te fanmi pre yo ansanm ak moun ki te sikonsi timoun yo.

62Tansèlman, gen anpil moun nan pèp Izrayèl la ki te kenbe fèm, yo te gen kont fòs kouray pou yo te derefize manje manje ki pa bon pou moun k'ap sèvi Granmèt la.

63Yo te pito asepte mouri pase pou yo ta manje manje yo konnen yo pa gendwa manje, pase pou yo ta derespekte kontra Granmèt la. Se konsa yo mouri vre.

64Nan tan sa a, Bondye te fache anpil anpil sou pèp Izrayèl la.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help