2 Wa 17 - 1998 Haitian Creole

Oze, wa peyi Izrayèl

1Wa Akaz t'ap mache sou douzan nan plas moun Izrayèl li te fè depòte yo. Moun yo pran peyi Samari a pou yo, y'al rete nan tout lavil yo.

25Moun sa yo pat nan sèvi Senyè a. Konsa, lè yo fenk vin tabli nan peyi a, Senyè a voye lyon ki touye kèk ladan yo.

26Yo voye di wa peyi Lasiri a: Moun ou te voye vin rete lavil peyi Samari yo pa konnen jan pou yo sèvi Bondye peyi a. Se konsa bondye peyi a voye lyon k'ap fini ak yo.

27Lè sa a, wa peyi Lasiri a bay lòd sa a: Pran yonn nan prèt nou te fè prizonye yo, voye l tounen al viv laba a pou l ka moutre moun yo jan pou yo sèvi bondye peyi a.

28Se 1 Wa 12.29 konsa yonn nan prèt yo te depòte yo tounen nan peyi Samari, l'al rete lavil Betèl, li moutre yo jan pou yo fè sèvis pou Senyè a.

29Men, 1 Wa 12.31 chak nasyon te fè bondye pa yo nan lavil kote yo te rete a, yo mete yo nan tanp ansyen moun peyi Izrayèl yo te bati pou zidòl yo.

30Moun lavil Babilòn yo te fè pòtre Soukòt-Benòt. Moun lavil Kout yo te fè pòtre Negal. Moun lavil Amat yo te fè pòtre Asima.

31Moun lavil Ava yo te fè pòtre Nibaz ak Tatak. Moun lavil Sefavayim yo ofri pitit yo pou boule pou Adramelèk ak Anamelèk, bondye pa yo.

32Kifè yo t'ap sèvi Senyè a, men anmenmtan yo chwazi moun nan mitan yo pou sèvi prèt zidòl yo, pou fè sèvis pou yo nan tanp zidòl yo.

33Se Sof 1.5; Mat 6.24 konsa yo t'ap adore Senyè a men yo t'ap adore bondye pa yo tou, dapre koutim peyi kote yo te sòti.

34Jouk Jen 32.28; 35.10 jounen jòdi a y'ap fè sa yo te konn fè a. Men, yo pa adore Senyè a, yo pa fè sa li mande nan lalwa ak kòmandman li te bay moun fanmi Jakòb yo swiv. Se Jakòb sa a Bondye sèl Mèt la te bay yon lòt non, li te rele l Izrayèl.

35Senyè a Egz 20.5; Jij 6.10 te pase yon kontra ak pitit Jakòb yo, li te ba yo lòd sa a: Pa sèvi lòt bondye, pa mete jenou atè devan yo. Pa fè sèvis pou yo, pa ofri okenn bèt pou touye pou yo.

36Se Det 4.34; 6.13; 2 Wa 17.7 mwen menm Senyè a pou nou sèvi, mwen menm Bondye nou an ki te fè nou sòti kite peyi Lejip ak gwo kouray mwen, ak fòs ponyèt mwen. Se mwen menm sèlman pou nou sèvi, pou nou adore. Se pou mwen ase pou nou ofri bèt pou touye.

37Se Det 5.32 pou nou toujou kenbe prensip ak regleman, lòd ak kòmandman mwen te ekri ban nou pou nou te ka swiv yo chak jou. Piga nou gen krentif pou bondye lòt nasyon yo.

38Piga Det 4.23 nou bliye kontra mwen te pase ak nou an. Piga nou gen krentif pou bondye lòt nasyon yo.

39Se mwen menm ase, Senyè a, Bondye nou an, pou nou sèvi, m'a delivre nou anba men lènmi nou yo.

40Men, moun yo pa koute m, yo toujou ap fè sa yo te konn fè anvan an.

41Konsa Sof 1.5; Lik 16.13 moun nasyon sa yo t'ap sèvi Senyè a, men yo te toujou ap sèvi zidòl pa yo tou. Pitit yo ak pitit pitit yo ap fè tankou papa yo jouk jounen jòdi a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help