1Senyè a pale ak Moyiz apre lanmò pitit
9Arawon va touye bouk kabrit ki sòti pou Senyè a, l'a ofri l pou wete peche.
10Men, l'a pran bouk kabrit ki sòti pou Azazèl la, y'a prezante l tou vivan devan Senyè a. Apre sa, lè y'a fin fè sèvis sou li pou wete peche pou pèp la, y'a lage l nan dezè a pou l'al jwenn Azazèl.
11Lèfini, Arawon va touye ti towo bèf li te ofri pou wete peche pa l yo. L'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou peche pa l yo ansanm ak peche fanmi l yo.
12Apre Lev 10.1; Nonb 16.46; Rev 8.3,5 sa, l'a pran yon recho, l'a plen li chabon dife tou limen l'a pran sou lotèl la. L'a pran de pouyen poud lansan santi bon. L'a pote lansan an ak recho a antre kote ki konsakre nèt pou Senyè a.
13Rive Egz 25.21,22 la, devan lotèl Senyè a, l'a mete lansan an sou dife a, lafimen lansan an va kouvri kouvèti Bwat Kontra a nèt. Konsa, li p'ap ka wè l, li p'ap mouri.
14L'a Lev 4.5,6; Eb 2.17; 9.7,13,25 tranpe dwèt li nan san ti towo bèf la, l'a voye san an sou bò devan kouvèti Bwat Kontra a, sou bò solèy leve. Apre sa, l'a voye san an sèt fwa devan kouvèti a avèk dwèt li.
15Se lè sa a, l'a touye kabrit pou wete peche pèp la. L'a pran san an, l'a pote li anndan kote ki konsakre nèt pou Senyè a, l'a voye li anlè ak devan kouvèti a menm jan li te fè pou san towo bèf la.
16Se Egz 29.36; Eze 45.18 konsa, poutèt tout peche ak tout mechanste pèp la fè yo, epi poutèt moun nan pèp la ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, Arawon va fè sèvis pou mande Bondye fè gras pou kote ki apa nèt pou li a. L'a fè sa tou pou Tant Randevou a, paske tant lan kanpe nan mitan pèp la ak tout moun nan pèp la ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
17Depi Lik 1.10,21 Arawon antre kote ki konsakre nèt pou Senyè a pou li fè sèvis pou mande padon an jouk lè li soti, lòt moun pa gendwa anndan tant Randevou a. L'a fè sèvis la pou li menm, pou fanmi li ak pou tout pèp Izrayèl la.
18Lèfini, Lev 1.5; 4.18,24; Eze 43.20 l'a sòti, l'a ale bò kote lotèl pou boule ofrann lan, l'a fè sèvis pou wete peche pou li tou. Epi, l'a pran nan san ti towo bèf la ak nan san bouk kabrit la, l'a mete sou kat kòn ki sou kat kwen lotèl la.
19Lèfini, Eze 43.18 avèk dwèt li, l'a voye san an sèt fwa sou lotèl la. Se konsa, poutèt moun nan pèp Izrayèl la ki pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, l'a fè sèvis pou mete lotèl la nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, l'a mete l apa pou Bondye.
Bouk kabrit pou peche pèp la20Lè Eze 45.20 Arawon va fin fè sèvis pou wete peche pou kote ki apa nèt pou Bondye a, pou Tant Randevou a ak pou lotèl la, l'a fè yo pwoche bouk kabrit vivan yo te chwazi pou Azazèl la devan Senyè a.
21L'a Eza 53.6; Eb 10.3; 2 Kor 5.21 mete tou de men l yo sou tèt kabrit la, l'a rekonèt sou li tout peche, tout mechanste ak tout movezak pèp Izrayèl la te fè. Se konsa l'a mete tout peche sa yo sou tèt kabrit la. Lèfini, l'a fè moun ki chwazi pou sa a mennen kabrit la al lage l nan dezè a.
22Bouk Eza 53.11; Eb 9.28 la va pote tout peche yo ale sou li yon zòn kote pa gen moun rete la.
23Apre Lev 6.11 sa, Arawon va antre ankò nan Tant Randevou a. L'a wete rad fen blan li te mete sou li pou li te ka antre nan kote ki apa nèt pou Senyè a, l'a kite yo la.
24L'a Lev 16.3,5 pran yon bon beny nan kote yo mete apa pou sa a, l'a mete lòt rad sou li. Apre sa, l'a sòti, l'a ofri bèt pou yo boule nèt yo pou peche pa l yo ak pou tout peche pèp la. L'a fè sèvis pou mande Bondye padon.
25L'a Egz 29.13; Lev 4.8-10 pran grès bèt yo te ofri pou peche a, l'a boule yo sou lotèl la.
26Nonm Lev 15.5; 16.8,10 ki te al lage bouk kabrit la pou Azazèl nan dèzè a gen pou l lave tout rad ki sou li, epi pou l pran yon bon beny nan gwo dlo, anvan li tounen nan kan kote moun yo rete a.
27Y'a Lev 4.11,12; Eb 13.11 pran towo bèf ak kabrit yo touye pou wete peche a, y'a pote yo ale deyò limit kan kote moun yo rete a, epi y'a boule po yo ansanm ak tout tripay yo nèt. Se san bèt sa yo yo te pote kote ki apa nèt pou Senyè a pou fè sèvis pou mande padon peche.
28Moun ki te al boule yo a va gen pou l lave rad li tou, pou l benyen nèt nan gwo dlo anvan li tounen nan kan kote moun yo rete a.
Regleman fèt repo yo29Men Egz 12.49; Lev 23.27; Nonb 29.7; Eza 58.3,5 regleman pou nou fè tout tan tout tan jouk sa kaba. Sou dizyèm jou nan setyèm mwa a, tout moun pèp Izrayèl yo ansanm ak tout moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo va fè jèn pou imilye yo devan Bondye. Yo p'ap fè okenn travay jou sa a.
30Paske, Jer 33.8; Eze 36.25; Eb 10.1,2 jou sa a y'a fè sèvis pou wete yo anba tout peche yo, pou yo ka parèt nan bon kondisyon devan Senyè a.
31Jou Lev 23.32 sa a va yon jou espesyal pou nou fè jèn, yon jou pou nou pa travay menm. Se lòd mwen ban nou, se pou nou toujou fè sèvis sa a.
32Se Egz 29.29,30; Lev 16.4; Nonb 20.28 va reskonsabilite granprèt yo va mete apa pou fè sèvis Senyè a nan plas papa l la pou li fè sèvis pou mande Bondye padon, l'a mete rad fen blan yo, rad pou prèt yo mete lè y'ap fè sèvis.
33L'a fè sèvis pou wete peche pou kote ki apa nèt pou Bondye a, pou Tant Randevou a ak pou lotèl la, l'a fè ofrann pou prèt yo ak pou tout pèp Izrayèl la.
34Men Egz 30.10; Eb 9.7,25 regleman pou nou swiv tout tan tout tan. Se yon sèvis pou yo fè yon fwa chak lanne pou mande padon pou peche pèp Izrayèl la.
Yo te fè tout bagay jan Senyè a te bay Moyiz lòd fè a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.