Jenèz 4 - 1998 Haitian Creole

Kayen ak Abèl

1Lè sa a, Adan kouche ak Ev, madanm li. Madanm li vin ansent. Li fè yon pitit gason, li rele l Kayen, epi li di:

— Avèk konkou Bondye, mwen gen yon gason.

2Apre sa, li fè Abèl, frè Kayen. Abèl te gadò mouton, Kayen menm te travay latè.

3Kèk lòt bò jaden Edenn lan, sou kote solèy leve a.

Pitit pitit Kayen yo

17Kayen kouche avèk madanm li. Madanm li vin ansent, li fè yon ti gason yo rele Enòk. Apre sa, Kayen bati yon vil, li rele l Enòk. Li ba l menm non ak pitit gason l lan.

18Enòk te fè yon pitit gason yo rele Irad. Se Irad sa a ki te papa Meoujaèl. Meoujaèl te papa Metouchaèl. Se Metouchaèl ki te papa Lemèk.

19Lemèk te gen de madanm. Yonn te rele Ada, lòt la te rele Zila.

20Se Ada ki manman Jabal. Jabal sa a, se li menm ki zansèt tout moun sa yo ki rete anba tant epi ki gade bèt.

21Frè menm manman ak li a te rele Joubal. Se li menm ki zansèt tout moun sa yo k'ap jwe gita ak fif.

22Zila menm bò pa l te manman Toubal Kayen, yon bòs fòjon ki te konn travay kwiv ak fè. Toubal Kayen te gen yon sè menm manman ak li ki te rele Naama.

23Yon jou, Lemèk di madanm li yo:

— Ada ak Zila, koute sa m'ap di nou!

Koute byen sa m'ap di nou, medam mwen yo!

Mwen touye yon nonm paske li leve men li sou mwen.

Wi, paske li met san m' deyò, mwen touye jennonm nan.

24Si yon moun touye Kayen, sèt moun ap peye sa.

Men si yon moun touye, mwen menm Lemèk, swasanndisèt moun ap peye sa.

25Adan te kouche ak madanm li ankò. Madanm li fè yon ti gason. Madanm lan di:

— Bondye ban m yon lòt gason pou ranplase Abèl Kayen te touye a.

Li rele l Sèt.

26Sèt, 1 Wa 18.24; Sòm 116.17; Sof 3.9 pou tèt pa l, vin gen yon pitit gason, li rele l Enòch. Se lè sa a moun konmanse fè sèvis pou Senyè a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help