Levitik 8 - 1998 Haitian Creole

Sèvis konsekrasyon Arawon ak pitit gason l yo(Egzòd 29.1-37)

1Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:

2— Pran yo nan pòch plastwon an.

9Li Egz 28.36,37; 29.6 mete bonèt la nan tèt Arawon, li pran plak lò a, li tache li devan bonèt la, dapre lòd Senyè a te ba li.

10Apre Egz 30.26-29 sa, Moyiz pran lwil konsekrasyon an, li voye li sou kay Bondye a ak tout bagay ki ladan li. Konsa li konsakre yo pou sèvis Senyè a.

11Li voye lwil la sèt fwa sou lotèl la ak sou tout bagay ki sèvi sou lotèl la, sou kivèt la ak sou pye li. Konsa li konsakre yo pou sèvis Bondye.

12Apre sa Egz 29.7; Lev 21.10,12 li pran lwil konsekrasyon an, li vide li sou tèt Arawon. Konsa li konsakre li pou Bondye.

13Moyiz Egz 29.8,9 fè pitit gason Arawon yo pwoche, li mete rad sou yo, li pase sentiwon nan ren yo, li mete bonèt nan tèt yo dapre lòd Senyè a te ba li.

14Apre Egz 29.10; Lev 4.4; 8.2 sa, Moyiz fè mennen ti towo yo ofri pou peye pou sa moun fè ki mal la. Arawon ak pitit gason l yo mete men yo sou tèt li.

15Lèfini, Egz 29.11,12; Lev 4.7; Eze 43.20,26 Moyiz touye towo a. Li tranpe dwèt li nan san li epi li mete tigout san sou kat kòn lotèl la. Apre sa, li fè ofrann sou lotèl la pou peye pou tou sa moun fè ki mal. Li vide tout rès san an atè nan pye lotèl la. Konsa li konsakre li pou Bondye pou li ka sèvi pou fè seremoni sèvis padon peche.

16Apre Egz 29.13; Lev 4.8-10 sa, Moyiz pran grès ki vlope tripay yo, mas grès ki sou fwa a, ansanm ak de wonyon yo ak tout grès yo, li boule yo nèt sou lotèl la.

17Men, Egz 29.14; Lev 4.11,12 li pran tout vyann ti towo a, po a ak tout tripay la. Li boule yo deyò limit kote yo rete a, dapre lòd Senyè a te ba li.

18Apre Egz 29.15; Lev 8.2 sa, Moyiz fè mennen belye mouton ki pou boule nèt pou Senyè a. Arawon ak pitit gason l yo mete men yo sou tèt li.

19Moyiz Egz 29.16-18; Lev 1.5-9 touye l, li pran san an, li vide l tout arebò lotèl la.

20Li dekoupe belye a an divès moso. Apre sa, li boule tèt la, moso vyann yo ak tout moso grès yo nèt sou lotèl la.

21Moyiz lave tripay yo ak pye yo. Apre sa, li boule tout towo a nèt sou lotèl la. Se te yon bèt li ofri pou boule nèt pou Senyè a. Se yon ofrann bèt bon sant li ap fè Senyè a plezi, dapre lòd Senyè a te ba li.

22Apre Egz 29.19; Lev 8.2 sa, Moyiz fè mennen lòt belye mouton an, belye ki pou sèvi nan seremoni pou mete prèt yo apa pou Senyè a. Arawon ak pitit gason l yo mete men yo sou tèt li.

23Moyiz Egz 29.20; Lev 14.14 touye l, li pran ti gout nan san belye a, li mete l sou tete zòrèy dwat Arawon, sou pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li.

24Apre sa, Moyiz fè pitit gason Arawon yo pwoche, li mete ti gout san sou tete zòrèy dwat yo, sou gwo pous men dwat yo ak sou gwo zòtèy pye dwat yo. Lèfini, Moyiz pran rès san an, li vide l tout arebò lotèl la.

25Apre Egz 29.22 sa, li pran tout moso grès yo, ke a, tout grès ki vlope tripay yo, moso grès ki sou fwa a, de wonyon yo ak tout grès yo, ansanm ak jigo dwat la.

26Nan Egz 29.23 panyen pen san ledven ki devan Senyè a, li pran yon pen antye, yon gato fèt ak lwil, ak yon pen rale. Li mete yo sou moso grès yo ak sou jigo dwat la.

27Apre Egz 29.24 sa, li mete tout bagay sa yo nan men Arawon ak nan men pitit gason l yo, li balanse yo devan Senyè a tankou yon ofrann.

28Apre Egz 29.25 sa, Moyiz pran ofrann yo nan men yo, li boule yo sou lotèl la anwo ofrann ki t'ap boule deja a. Se te yon ofrann pou bay prèt yo pouvwa pou yo sèvi Bondye, yon ofrann bèt k'ap boule nèt nan dife pou Senyè a, yon ofrann bèt k'ap fè Senyè a plezi ak bon sant li.

29Moyiz Egz 29.26 pran moso pwatrin lan, li balanse l devan Senyè a tankou yon ofrann. Nan belye ki te sèvi nan seremoni pou mete prèt yo apa a, se pòsyon sa a ki te pou Moyiz, dapre lòd Senyè a te bay Moyiz la.

30Lè Egz 29.21; 30.30 sa a, Moyiz pran nan lwil konsekrasyon pou sèvis Bondye a, li melanje li ak san ki sou lotèl la, li voye li sou Arawon ak sou tout rad li yo, sou pitit gason Arawon yo ak sou tout rad yo.

31Moyiz Egz 29.31,32; Eze 46.20 pale ak Arawon ansanm ak pitit gason l yo, li di yo:

— N'a fè kwit vyann belye a devan pòt Tant Randevou a. Se la n'a manje l tou ansanm ak pen ki nan panyen ofrann yo fè lè nou t'ap resevwa pouvwa pou fè sèvis pou Bondye a, dapre lòd mwen te resevwa lè li te di m: Arawon ak pitit gason l yo va manje vyann belye a.

32Si Egz 29.34 gen rès nan vyann lan ak nan pen an ki rete apre yo fin manje, n'a boule l nan dife.

33Pandan Egz 29.35 sèt jou, nou p'ap soti devan pòt Tant Randevou a jouk lè y'a fini ak seremoni konsekrasyon pou sèvis Bondye a. Paske y'ap pran sèt jou pou fè serenomi pou ban nou pouvwa pou fè sèvis Bondye.

34Sa nou wè nou fè jòdi a, se Senyè a menm ki te bay lòd pou nou te fè l pou peye pou tou sa nou te fè ki mal.

35Pandan Nonb 9.19 sèt jou, lajounen kou lannwit, n'a rete la devan pòt Tant Randevou a, epi n'a fè tou sa Senyè a te ban nou lòd fè a. Si se pa sa, n'a mouri. Wi, men lòd Senyè a te ban mwen an.

36Se konsa, Arawon ak pitit gason l yo te fè tou sa Moyiz te di yo Senyè a te ba yo lòd fè a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help