1Siris t'ap mache sou twazan depi l Se nan yon vizyon yo te fè l konprann mesay la.
2Lè sa a, mwen menm Danyèl, mwen pase twa senmenn nan gwo lapenn.
3Mwen peyi Pès la te kenbe tèt avè m pandan Da 10.2,3; 12.1; Jid 9; Rev 12.7 venteyen jou. Apre sa, Michèl, yonn nan chèf zanj Bondye yo, vin pote m sekou paske mwen te pou kont mwen nan peyi Pès la.
14Mwen Jen 49.1; Da 8.26; Aba 2.3 vin fè ou konprann sa ki pral rive pèp ou a nan jou k'ap vini yo. Vizyon an fè ou wè sa ki pral rive jou sa yo.
15Lè li di m sa, m bese je m gade atè san m pa di anyen.
16Lè Eza 6.7; Jer 1.9; Da 8.15 sa a, zanj ki te gen fòm yon moun lan lonje men l, li manyen po bouch mwen. Mwen louvri bouch mwen pale, mwen di zanj ki te kanpe devan m lan:
— Mèt, vizyon an fè m pè, m pèdi tout fòs mwen, kè m sere!
17Se moun k'ap sèvi ou mwen ye, mèt. Ki jan mwen ka pale ak ou? M pa gen fòs ankò, m pèdi souf mwen.
18Zanj ki te gen fòm moun lan manyen m ankò yo dezyèm fwa. Mwen santi m refè.
19Epi Jij 6.23; Rev 1.17; Da 9.23 li di m:
— Ou pa bezwen pè. Ou se yon moun Bondye renmen anpil. Pa kite anyen fatige lespri ou, ni fè ou pèdi kouray ou!
Lè li di m sa, mwen santi mwen vin gen plis fòs. Mwen di li:
— Mèt, ou fè m vin gen fòs. Di m sa ou gen pou di m lan non!
20Lè Da 8.21; 10.13 sa a, li di m:
— Ou konnen poukisa mwen vin bò kote ou la? Se pou m te ka fè ou konnen sa ki te ekri nan liv verite a. Kounyeya, mwen gen pou m al goumen ak zanj chèf peyi Pès la. Apre sa, zanj chèf peyi Lagrès la va parèt.
21Pa Da 12.1,4 gen lòt moun pou vin ede m pase Michèl, zanj chèf pèp Izrayèl la.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.