Chirasid 12 - 1998 Haitian Creole

Fè moun byen

1Lè w'ap fè byen, fè sèten ou konnen pou kimoun w'ap fè l.

Konsa byen w'ap fè a p'ap gaspiye.

2Fè byen pou moun k'ap sèvi Bondye, konsa w'a jwenn rekonpans ou.

Si moun lan menm pa ba ou l, se Bondye menm ki va ba ou l.

3Lè ou ede yon malveyan, sa p'ap pwofite ou anyen.

Pa konprann se yon byen ou fè lè sa a.

4Lonje men bay moun k'ap sèvi Bondye.

Men, pa janm ede moun k'ap fè sa ki mal.

5Fè byen pou moun ki piti yo.

Men, pa bay moun ki vire do bay Bondye yo anyen.

Derefize ba yo manje, sinon y'a vin gen pye sou ou.

Tout byen ou fè pou moun konsa ap tounen de fwa pi mal pou ou.

6Bondye ki anwo nan syèl la pa vle wè moun k'ap fè sa ki mal.

L'ap bay moun ki p'ap sèvi l yo sa yo merite.

7Lonje men bay moun k'ap sèvi Bondye.

Men, pa janm ede moun k'ap fè sa ki mal.

Bon zanmi ak fo zanmi

8Lè tout bagay ap mache byen, se pa lè sa a ou konnen kimoun ki zanmi ou.

Lè ou nan malè, se lè sa a ou konnen ki moun ki pa vle wè ou.

9Lè zafè ou bon, lènmi ou yo ap pran pòz zanmi ou.

Men, lè zafè ou pa bon, ata zanmi ou ap vire do ba ou.

10Pa janm fè yon lènmi ou konfyans,

paske kè li mechan, li tankou yon mòso kwiv wouye.

11Atansyon! Veye kò ou avè l!

Menm si l'ap fè kò l piti devan ou, menm si l'ap mache tèt bese devan ou,

boule avè l tankou si ou t'ap poli yon mòso metal pou fè glas.

Ou konnen davans bout pou bout, lawouj la p'ap rete sou li tout tan.

12Pa mete l chita bò kote ou.

Talè konsa li pa mete ou deyò pou l pran plas ou!

Pa kite l chita sou bò dwat ou,

l'a chache pran plas ou.

Lè sa a, w'a konprann sa m t'ap di ou yo,

w'a regrèt lè w'a chonje pawòl mwen te di ou yo.

13Pa gen moun ki pou pran lapenn pou moun k'ap chame sèpan si sèpan an mòde yo,

ni pou moun k'ap pwoche bò bèt nan bwa.

14Menm jan an tou, yo p'ap pran lapenn pou moun k'ap fè bann ak moun k'ap fè sa ki mal yo,

k'ap mete men ansanm ak yo nan mechanste yo.

15L'ap kanpe la avè ou pou yon ti kadè.

Kou l wè w'ap tonbe, l'ap prese wete kò l.

16Moun ki pa vle wè ou ap gen pawòl dous nan bouch yo pou ou,

men nan fon kè yo, yo ta renmen pouse ou tonbe nan twou.

Ou te mèt wè yo ap kriye avè ou,

men, depi yo jwenn yon chans pou yo touye ou, y'ap touye ou.

17Si yon malè ta rive ou, y'ap prese vin jwenn ou.

Y'ap pran pòz se ede y'ap ede ou, men se jete y'ap jete ou pi mal.

18Lèfini, y'ap souke tèt yo, y'ap fwote men yo yonn sou lòt,

y'ap mache pale ou mal. Se p'ap menm moun lan ankò.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help