1Menm si m'ta pale tout lang, ata lang zanj yo, si m'pa gen lacharite, bè pawòl mwen yo se tankou van nan vaksin, tankou klòch k'ap fè bri.
2Menm si m'pa gen lamou nan kè mwen, sa p'ap sèvi anyen.
4Moun ki gen lamou, li gen pasyans, li gen bon kè. Li pa anvye sò moun. Li pa nan fè grandizè. Li pa nan moute kòlèt sou moun.
5Lamou Zak 8.17; Fil 2.4 pa fè anyen pou fè moun wont. Lamou pa chache avantaj pa li. Li pa fè kòlè, li pa kenbe moun nan kè.
6Lamou Wòm 12.9 tout bon pa pran plezi nan fè sa ki mal. Tout plezi li, se nan sa ki vre.
7Lacharite Pwo 10.12; 1 Kor 9.12; Wòm 15.1 pèmèt sipòte tout bagay. Anyen pa brannen konfyans li. Lacharite pa pèdi espwa, l'ap toujou moutre pasyans li.
8Lamou 1 Pyè 4.8 pa gen limit. Pouvwa bay mesaj Bondye ap kaba. Pouvwa pale anlang gen pou bout. Konesans gen pou fini.
9Paske sa nou konnen an, se ti zing nou konnen li. Mesaj Bondye a se yon ti kal nou rive bay ladan li.
10Men lè sa ki bon nèt la va vini, sa ki poko fin bon an gen pou disparèt.
11Se tankou lè m'te timoun piti. M'te pale, m'te panse, m'te reflechi tankou timoun piti. Men lè m'vin gran, m'kite lespri timoun nan.
12Epi, 2 Kor 5.7; Jak 1.23 pou reyalite koulyeya, sa nou wè a se annik yon imaj tou twoub nou apèsi, se tankou yon pòtre n'ap devinen nan yon gas. Men, pita, nou pral fasafas. Koulyeya, nou pa fin konnen tout bagay. Gen yon jou m'ap konnen nèt jan Bondye konnen mwen an.
13Koulyeya, 1 Tes 1.3; 1 Jan 4.16 gen twa bagay ki rete: se lafwa, lesperans, lamou. Men se lamou ki gen plis valè nan twa a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.