Sòm 14 - 1998 Haitian Creole

SÒM 14 (13)Foli ak mechanste lèzòm(Sòm 53)(1a) Pou Sòm 53.1-6 chèf Wòm 3.10-12 sanba Sòm 10.4 yo. Se yon sòm David.

1(1b) Moun fou yo di nan kè yo: — Pa gen Bondye.

Yo tout fin pouri.

Y'ap fè yon bann vye bagay sal.

Pa gen yonn ki fè sa ki byen.

2Senyè a 2 Kwo 19.3; Sòm 102.19 rete nan syèl la, l'ap gade lèzòm anba,

pou l wè si gen ladan yo ki gen konprann,

si gen ladan yo k'ap chache l.

3Men yo tout pèdi chemen yo.

Yo tout lage kò yo nan vis.

Pa gen yonn ladan yo ki fè sa ki byen,

non, pa menm yon sèl ladan yo.

4Senyè a Sòm 79.6; Eza 1.3; Jer 4.22; 10.25; Oze 7.7; Mi 3.3 di: — Moun sa yo k'ap fè mechanste yo, se konnen yo pa konnen?

Y'ap souse pèp mwen an pou yo ka viv.

Pa gen yonn ladan yo ki rele non mwen!

5Men tou, yo pral sezi, yo pral tranble

paske Bondye la avèk moun ki mache dwat yo.

6Y'ap Sòm 46.1; 61.3; 91.2; 142.5 pase sa malere yo gen lide fè a nan betiz,

men se nan Senyè a malere yo mete konfyans yo.

7Oo! Sòm 85.1; 126.1; Oze 6.11; Jowèl 3.1 Kilè Bondye va sòti sou mòn Siyon an

pou l vin delivre pèp Izrayèl la?

Lè Senyè a va fè pèp li a kanpe ankò,

pitit pitit Jakòb yo pral fè fèt.

Se vre wi, pèp Izrayèl la pral kontan.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help