1O Mèt, Bondye tout bagay, pitye pou nou!
Voye je ou gade, fè tout nasyon sou latè a pè ou!
2Leve men ou pou frape moun lòt nasyon yo.
Fè yo wè jan ou gen pouvwa!
3Menm jan ou te pini nou pou fè yo wè jan ou pa mele ak sa ki mal,
konsa tou, pini yo pou fè nou wè jan ou gen pouvwa!
4Fè yo rekonèt, tankou nou menm nou rekonèt sa,
pa gen lòt Bondye pase ou menm, Granmèt la.
5Fè mèvèy ou yo ankò. Fè lòt mirak toujou.
Fè wè jan pouvwa ou la ak fòs ponyèt ou a gwo.
6Fè kòlè ou moute ou. Move sou lènmi ou yo.
Kraze moun k'ap goumen ak nou yo, disparèt yo.
7Chonje lè ou te fikse pou sa fini an. Prese fè l rive,
pou tout moun ka rakonte tout bèl bagay ou fè yo.
9Kraze tèt chèf lòt nasyon yo
k'ap plede di konsa: Pa gen pase nou!
10Rasanble tout branch fanmi Jakòb yo.
Renmèt yo tou sa ki pou yo tankou ou te ba yo l anvan sa.
11Pitye pou pèp la, Granmèt, pitye pou pèp ki pote non ou lan!
Pitye pou pèp Izrayèl la, pèp ou konsidere tankou premye pitit gason ou lan!
12Pitye pou lavil ki apa pou ou a,
pou Jerizalèm kote ou poze kò ou la!
13Plen peyi Siyon an ak lwanj ou an!
Plen kay ki apa pou ou a ak bèl pouvwa ou la!
14Kanpe pou premye moun ou te kreye yo.
Se pou tout mesay yo te bay nan non ou yo rive vre.
15Se pou tout moun ki mete espwa yo nan ou yo jwenn satilfaksyon,
pou tou sa pwofèt ou yo te di yo pa pase pou manti.
16Tanpri, Granmèt, koute lapriyè sèvitè ou yo,
dapre benediksyon Arawon te bay pèp ou a.
17Se pou tout moun sou latè rekonèt
se ou menm ki Granmèt la, Bondye ki la pou tout tan an.
Konnen sa ki pi bon18Lestonmak vale tout kalite manje.
Men, gen manje ki pi bon pase lòt.
19Lang ak fon gòj ka rekonèt gou divès kalite vyann jibye.
Konsa tou, yon lespri ki veyatif ap rekonèt pawòl manti.
20Yon moun ki gen lespri lanvè ap bay lapenn.
Men, moun ki gen esperyans konn ki jan pou l koresponn ak li.
21Yon fanm fèt pou asepte nenpòt gason pou mari li.
Men, gen fi ki pi bon pase lòt.
22Bèl fanm se plezi je.
Se pi gwo lanvi yon nonm ka genyen.
23Men, si fanm lan bon, si li konn pale,
pa gen gason ki gen plis chans pase mari l.
24Lè yon nonm marye, li konmanse ap fè lajan,
paske madanm lan ap ede l, l'ap soutni l nan tou sa l'ap fè.
25Si pa gen lantouray, vòlò ap fin piye bitasyon an.
Konsa tou, yon nonm san madanm ap plenn tout tan, se drive l'ap drive nan lavi a.
26Ou pa ka fye yon papa vòlò,
k'ap mache sòti yon kote ale yon lòt kote.
27Konsa tou, ou pa ka fye yon nonm ki pa gen kay,
k'ap rete dòmi kote lannuit bare l tankou kodenn.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.