Ezayi 66 - 1998 Haitian Creole

Se Bondye k'ap gouvènen tout nasyon

1Men sa Senyè a di ankò:

— Syèl 1 Wa 8.27; Mat 5.34,35; Tra 7.49-50; 17.24 la, se fòtèy kote mwen chita a. Tè a, se ti ban pou m lonje pye m. Ki kalite kay nou ta ka bati pou mwen? Ki kote nou ta ka ban mwen pou m poze kò m?

2Se 1 Kwo 29.14; Sòm 34.18; Eza 57.15 mwen menm ki fè tout bagay sa yo ak men mwen. Se pou mwen yo tout ye! Se Senyè a menm ki di sa. Moun ki fè m plezi se moun ki pa gen lògèy nan kè yo, se moun ki regrèt sa yo fè ki mal, se moun ki gen krentif pou mwen lè m pale.

3Pou Jer 7.24 mwen, fè sakrifis yon bèf se tankou sakrifye yon moun. Sakrifye yon mouton se tankou fè sakrifis ak yon chen. Prezante ofrann se tankou ofri san kochon. Boule lansan se pou adore zidòl. Pèp la fè sa yo pito. Yo pran plezi nan fè vye bagay lèd devan Bondye.

4Mwen Eza 65.12 menm tou m'ap pran plezi m aji ak yo menm jan yo aji a. M'ap fè malè yo pè rive yo a tonbe sou yo, paske mwen rele yo, pèsonn pa reponn. Mwen pale yo, yo pa koute m. Y'ap fè sa ki mal devan je m, yo pito fè sa ki p'ap fè m plezi.

5Koute sa Senyè a di, nou menm ki gen krentif pou li lè li pale ak nou: Paske nou pa vire do ban mwen, gen moun menm ras ak nou ki pa vle wè nou, ki derefize mele ak nou. Y'ap di konsa: Se pou Senyè a fè wè pouvwa li, paske yo ta renmen wè jan nou kontan. Men se yo menm k'ap sòti wont.

6Koute! Eza 59.18 Gwo bri nou tande k'ap fèt nan lavil la, gwo vwa nou tande k'ap pale nan Tanp lan, se bri Senyè a k'ap tire revanj li sou lènmi l yo.

7Lavil Bondye a tankou yon fanm ki akouche anvan menm li gen tranche. Li gentan fè yon ti gason anvan menm li santi doulè.

8Ki moun ki janm tande koze konsa? Ki moun ki janm wè bagay konsa? Eske yon sèl jou kont pou fè tout yon nasyon? Eske lapoula yo ka fè tout yon nasyon? Mòn Siyon an p'ap soufri anpil anvan nasyon an fèt.

9Eske mwen ka fè yon fanm ansent rive dènye moman li epi pou m'pa kite timoun lan fèt? Eske mwen ka fè pitit la rive sou jou li epi lèfini pou mwen pa kite li fèt?

Se Bondye ou la menm ki di sa!

10Fè Eza 65.19 kè nou kontan ansanm ak lavil Jerizalèm.

Fè fèt pou li, nou tout ki renmen l!

Se pou nou kontan ansanm avè l kounyeya,

nou menm ki te nan lapenn pou li!

11Tankou yon ti bebe k'ap tete manman l jouk vant li plen,

tankou yon ti bebe k'ap kontan souse lèt manman l,

nou pral jwenn pa nou nan bèl bagay m'ap fè pou lavil Jerizalèm.

12Paske, Eza 48.18 men sa Senyè a di:

— Mwen pral ba li kè poze san rete. Richès nasyon yo pral kouvri li tankou lonbray kouvri latè. Nou pral tankou ti bebe pou li. L'a ban nou tete. L'a pote nou nan bra li. L'a mete nou sou jenou li pou jwe ak nou.

13Menm Eza 51.12 jan yon manman konsole pitit li, se konsa m'ap konsole nou nan lavil Jerizalèm.

14Lè Esd 8.22,31; Eza 58.11 n'a wè sa, kè nou va kontan: sa va ban nou fòs ak kouray ankò. Lè sa a, n'a konnen mwen menm, Senyè a, m'ap pwoteje sèvitè m yo, men lènmi m yo va konnen jan m konn fache.

15Senyè a Sòm 68.17; 97.3; 2 Tes 1.7,8 ap vin nan yon gwo dife. Cha li yo ap pase tankou yon toubouyon. Kòlè li se dife. Pawòl li yo se flanm dife.

16Se Jowèl 3.2 avèk dife Senyè a pral jije, avèk nepe l li pral regle tout moun ki koupab yo. Anpil moun pral mouri anba men l.

17Senyè a di ankò:

— Talè konsa sa pral fini pou moun k'ap fè sèvis pou mete kò yo nan bon kondisyon anvan y'a l fè pwosesyon pou zidòl nan jaden yo, pou moun k'ap manje vyann kochon, vyann sourit ak lòt kalite manje ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye.

18Mwen Zak 14.16 konnen sa y'ap fè, mwen konnen sa ki nan lide yo.

Mwen menm, m'ap vin sanble pèp tout nasyon yo, pèp ki pale tout kalite lang sou latè. Y'a vini, y'a wè bèl pouvwa mwen.

19M'a Wòm 15.20,21 fè yo konnen se mwen menm k'ap pini yo. Men m'ap sove kèk moun ladan yo pou m'voye yo nan tout nasyon, nan tout peyi byen lwen ki poko janm wè pouvwa mwen: peyi Pout, Tasis, Loud, Toubal, Javan. Yo pral fè lòt nasyon yo wè jan mwen gen pouvwa.

20Y'a Eza 14.2; Wòm 15.16 pran tout frè parèy nou yo, y'a mennen yo tounen sòti nan peyi sa yo, tankou yon ofrann pou mwen. Y'ap mennen yo tounen sou mòn ki apa pou mwen an, lavil Jerizalèm, sou chwal, sou milèt, sou chamo, nan kabwèt kouvri, nan cha, menm jan moun pèp Izrayèl yo konn pote grenn jaden pou ofri nan Tanp lan nan veso yo mete nan bon kondisyon espre pou sa.

21M'a Egz 19.6 pran kèk moun nan moun sa yo pou fè travay prèt ak travay moun Levi yo.

Se Senyè a ki di sa.

22Menm Sòm 89.29; Eza 65.17 jan lòt syèl ak lòt latè m'ap fè yo ap la pou lontan devan m, konsa tou pitit nou ak non nou ap la pou lontan. Se Senyè a menm ki di sa.

23Pou Sòm 86.9; Zak 14.16 chak fèt lalin nouvèl, pou chak jou repo, moun tout peyi va vin fè sèvis pou mwen isit lavil Jerizalèm.

Se Senyè a menm ki di sa.

24Lè Mak 9.48 y'ap kite lavil la, y'a wè kadav moun ki te vire do ban mwen yo. Vè k'ap manje yo p'ap janm mouri. Dife k'ap boule yo a p'ap janm tenyen. Tout moun ki va wè sa ap gen gwo boulvès!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help