Women 3 - 1998 Haitian Creole

1Nan kondisyon sa a, ki avantaj pou yon moun jwif? Ki itilite sikonsizyon an?

2Tout Wòm 9.4; Det 4.7,8; Sòm 147.19,20; 103.7; 1 Pyè 4.11 jan, li gen anpil avantaj. Pou konmanse, se jwif yo Bondye te mete reskonsab pawòl li yo.

3Bon, Wòm 9.6; 11.29; 2 Tim 2.13 tande non. Si gen ladan yo ki pa kenbe pawòl yo, eske poutèt sa Bondye p'ap kenbe pawòl li tou?

4O Sòm 116.11; 51.4 non, se lekontrè. Menm si tout moun ap bay manti, Bondye gen pou fè sa ki pou fèt la rive vre. Se sa menm ki ekri nan Liv la:

Se pou yo rekonèt

se ou menm ki gen rezon lè w'ap pale.

Se ou menm ki pou gen pwosè a lè y'ap jije ou.

5Men, si lè nou fè sa ki mal, sa fè moun wè pi klè se Bondye ki gen rezon, kisa n'a di lè sa a? Eske poutèt sa lè Bondye pini nou li gen tò? (Eskize m wi, m'ap pale tankou moun.)

6Men non! Si lè sa a Bondye pa gen rezon, ki jan Bondye va fè pou jije moun?

7Bon, si lè m bay manti, sa fè verite Bondye a parèt pi klè, si sa sèvi yon lwanj pou Bondye, poukisa pou l ta jije m tankou yon moun ki fè sa ki mal?

8Poukisa Wòm 6.1,2 nou pa di pito: Ann fè sa ki mal pou Bondye ka fè plis byen toujou! Gen kèk malpalan ki pretann se sa mwen di. Enben, Bondye ap kondannen moun sa yo, epi la gen rezon.

Pa gen moun ki gen rezon devan Bondye

9Men, Wòm 1.18—2.24 sa sa ye menm? Nou menm jwif, eske nou pi bon pase moun lòt nasyon yo? Non, se pa vre menm. Mwen deja moutre nou sa: tout moun, ou te mèt jwif, ou te mèt pa jwif, tout moun anba pouvwa peche a.

10Jan Sòm 14.1-3; 53.2-4 sa ekri nan Liv la:

Nanpwen moun ki gen rezon devan Bondye.

Non, pa menm yon grenn.

11Yo yonn pa gen konprann.

Yo yonn p'ap chache Bondye.

12Yo tout lage kò yo nan bwa,

yo tout pèdi chemen yo.

Nanpwen yonn ladan yo k'ap fè sa ki byen.

Non, pa menm yon sèl.

13Bouch Sòm 5.9; 140.3 yo ou ta di yon kavo ki louvri.

Se twonpe y'ap twonpe moun ase ak lang yo.

Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik.

14Bouch Sòm 10.7 yo plen madichon ak jouman.

15Ti Eza 59.7,8 krik ti krak, se fè san koule.

16Kote yo pase se dega, se malè yo kite dèyè.

17Yo pa konn ki jan pou yo viv byen ak moun.

18Yo Sòm 36.1 mete nan tèt yo pa gen rezon pou gen krentif Bondye.

19Nou Wòm 2.12; Gal 3.22 konnen egzijans lalwa se pou moun ki anba lalwa. Konsa, pa gen eskiz ki pou sòti nan bouch pèsonn: tout moun antò devan Bondye.

20Se Sòm 143.2; Wòm 7.7; Gal 2.16 pa paske yon moun fè sa lalwa a mande kifè li inonsan devan Bondye. Poukisa? Paske lalwa annik fè nou konnen sa nou fè a pa bon.

Jan Bondye fè moun gras

21Men Tra 10.43; Wòm 1.17 kounyeya, Bondye fè nou wè ki jan li fè moun gras. Lalwa pa gen anyen pou wè nan sa. Se sa liv lalwa a ansanm ak liv pwofèt yo di nou tou.

22Se lè moun mete konfyans yo nan Jezikri Bondye fè yo gras. Li fè l pou tout moun ki kwè nan Kris la, paske yo tout se menm.

23Tout Wòm 3.9,19; 5.12 moun peche, Bondye ki gen pouvwa a bay yo tout do.

24Men Wòm 5.1; Ef 2.8 Bondye ki renmen yo, li fè yo gras. Li fè sa pou yo gratis, gremesi Jezikri ki vin delivre yo.

25Se Lev 16.12-15; Eb 4.16; Ef 1.7 li menm, Jezikri, Bondye te destine pou sakrifye. Li bay san li pou tout moun ki mete konfyans yo nan li ka jwenn padon peche yo. Bondye te vle moutre nou kijan li fè nou gras. Nan tan lontan, Bondye te pran pasyans. Li pa te pini peche moun fè.

26Men kounyeya, li moutre nou ki jan l'ap fè moun gras, paske li fè nou wè se li menm ki gen rezon, anmenmtan l'ap fè tout moun ki kwè nan Jezi yo gras.

27Bon, 1 Kor 1.29,31 nan kondisyon sa a, ki rezon moun genyen pou y'ap fè grandizè? Pa gen pyès rezon. Poukisa? Eske se paske yo fè sa lalwa mande? Non. Se paske yo fè Bondye konfyans.

28Nou Gal 2.16 kenbe sa nou di a: se paske yon moun gen konfyans nan Bondye kifè Bondye fè l gras, se pa paske li fè sa lalwa mande.

29Eske Wòm 10.12 Bondye se Bondye jwif yo sèlman? Eske li pa Bondye moun lòt nasyon yo tou? Men wi, li se Bondye moun lòt nasyon yo tou.

30Paske Wòm 4.11,12 se yon sèl Bondye a ki genyen. L'ap fè moun ki sikonsi yo gras paske yo gen konfyans nan li. Konsa tou, l'ap fè moun ki pa sikonsi yo gras paske yo menm tou yo gen konfyans nan li.

31Bon, Wòm 4.3; 8.4; Mat 5.17 jan nou pale la a, eske konfyans nan Bondye fè lalwa pèdi valè li? Non, se lekontrè. Se lè sa a atò nou mete lalwa a nan vrè plas li.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help