Matye 26 - 1998 Haitian Creole

Chèf yo ap fè konplo sou do Jezi(Mak 14.1-2; Lik 22.1-2; Jan 11.45-53)

1Lè Jezi fin di tout pawòl sa yo, li di disip

Lè sa a, lòt moun yo pwoche, yo mete men sou Jezi, yo arete li.

51Yonn nan mesye ki te avèk Jezi yo rale nepe l, li frape domestik granprèt la, li koupe yon zòrèy li.

52Jezi Jen 9.6; Rev 13.10 di l konsa:

— Mete nepe ou nan fouwo l, paske tout moun ki sèvi ak nepe, se nepe k'ap touye yo tou.

53Ou Jowèl 2.11 pa konnen mwen ta ka rele Papa m vin ede mwen. Menm lè a, li ta voye depase douz lame zanj ban mwen.

54Men lè sa a, ki jan sa ki ekri nan Liv la ta ka rive vre? Paske Liv la di: Se konsa pou sa pase.

55Apre sa, Jezi di foul moun yo:

— Nou vin dèyè m ak nepe ak baton tankou si m te yon ansasen. Toulejou mwen te chita la nan tanp lan, ap moutre moun yo anpil bagay, nou pat janm arete mwen.

56Men, Mat 26.31 tou sa rive pou sa ki ekri nan liv pwofèt yo ka rive vre.

Lè sa a, tout disip yo kite l, yo pran kouri.

Jezi devan Gran Konsèy jwif yo(Mak 14.53-65; Lik 22.54-55,63-71; Jan 18.13-14,19-24)

57Moun Mak 14.53-72; Lik 22.54-71; Jan 18.12-27 ki te arete Jezi yo mennen l kay Kayif, granprèt la. Se la tout dirèktè lalwa yo ansanm ak chèf fanmi yo te reyini.

58Pyè t'ap swiv Jezi yon ti jan lwen lwen, jouk yo rive nan lakou kay granprèt la. Li antre nan lakou a tou, li chita ak gad yo pou l wè kouman sa ta pral fini.

59Chèf prèt yo ak tout manm Gran Konsèy jwif yo t'ap chache yon manti pou yo te fè sou Jezi, pou yo te ka kondannen l amò.

60Men, yo pat kapab jwenn anyen malgre anpil moun te vin fè anpil manti sou li.

61Bout Jan 2.19-21 pou bout, de moun parèt. Yo di:

— Nonm sa a di: Mwen kapab kraze tanp Bondye a, epi nan twa jou m'a rebati l ban nou.

62Granprèt la leve, li di Jezi:

— Ou pa reponn anyen? Kisa mesye yo ap di sou ou konsa?

63Jezi Mat 27.12 pa louvri bouch li. Granprèt la di l ankò:

— Nan non Bondye vivan an, m'ap mande ou pou di nou verite a: Eske se ou ki Kris la, Pitit Bondye a?

64Jezi Sòm 110.1; Mat 16.27; 24.30; Da 7.13 reponn li:

— Se ou ki di li. Men, m'ap di nou sa, depi jòdi a n'a wè m, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a, n'a wè m ap vini sou nyaj yo nan syèl la.

65Lè Mat 9.3; Jan 10.33 sa a, granprèt la chire rad ki te sou li a, li di:

— L'ap pale mal sou Bondye. Sa nou bezwen lòt temwen fè: Nou fenk tande ak zòrèy nou jan l pale mal sou Bondye.

66Kisa Jan 19.7; Lev 24.16 nou di nan sa?

Yo reponn:

— Li antò, se pou yo touye li.

67Lè Eza 50.6 sa a, yo pran krache nan figi l, yo tonbe ba l kout pwen. Gen ladan yo ki ba l souflèt.

68Yo di li:

— Kris, si ou konnen, di nou non! Di nou ki moun k'ap frape ou konsa.

Pyè trayi Jezi(Mak 14.66-72; Lik 22.56-62; Jan 18.15-18,25-27)

69Pyè menm te chita deyò nan lakou a. Yon sèvant pwoche bò kote l, li di li konsa:

— Ou menm tou, ou te avèk Jezi, nonm Galile a.

70Men, Pyè demanti l devan tout moun, li di:

— Mwen pa konnen sa w'ap di la a.

71Apre sa, Pyè leve, l'ale bò pòtay lakou a. La, yon lòt sèvant wè li. Li di moun ki te la yo:

— Nonm sa a te avèk Jezi, nonm Nazarèt la.

72Pyè demanti li tou, li di:

— Anveritedye, mwen pa konnen nonm sa a.

73Yon ti kadè apre, moun ki te la yo pwoche, yo di Pyè konsa:

— Se vre wi, monchè. Ou fè pati moun sa yo tou. Jan ou pale a fè nou rekonèt ou.

74Lè sa a, Pyè pran fè sèman, li di yo:

— Mwen mande Bondye pou nenpòt bagay rive m si m manti: Mwen di nou non, mwen pa konnen nonm sa a.

Menm lè a, kòk chante.

75Latou, Mat 26.34 Pyè vin chonje pawòl Jezi te di l la: Anvan kòk chante, ou va gentan di twa fwa ou pa janm konnen mwen. Pyè sòti, li tonbe kriye jouk li pat kapab ankò.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help