Chirasid 4 - 1998 Haitian Creole

1Pitit mwen, pa anpeche pòv la viv.

Pa kite moun ki nan nesesite yo ap mouri tann.

2Pa fè moun ki grangou a soufri.

Pa fè moun ki nan lamizè a fè kòlè.

3Pa mete soufrans lapenn sou lafliksyon yon moun gen deja.

Pa mize anvan ou lonje men ou bay yon pòv malere.

4Pa bourade yon moun fèb k'ap mande ou lasistans.

Pa vire do ou bay yon pòv k'ap mande ou lacharite.

5Pa vire tèt ou lè yon pòv malere ap mande ou lacharite.

Pa ba li okazyon pou li ba ou madichon.

6Si l ta rive gen degoutans ak lavi a jouk pou li ta ba ou madichon,

Bondye ki kreye l la ap koute lapriyè li a.

7Fè tout moun nan pèp la renmen ou.

Bese tèt ou devan grannèg.

8Bese tèt ou pou koute sa pòv la ap di ou.

Reponn li ak bon ti pawòl dous.

9Pwoteje moun y'ap toupizi a anba men lwijanboje yo.

Pa woule de bò lè wap rann jijman.

10Se pou ou aji tankou yon papa pou timoun ki san papa yo,

tankou yon mari pou manman yo.

Lè sa a, w'a tankou yon bon pitit Bondye ki anwo nan syèl la.

L'ap renmen ou pi plis pase manman ou ki fè ou la. Bon Konprann lan tankou yon mèt lekòl

11Bon Konprann lan ap okipe moun k'ap chache l yo.

L'ap elve yo tankou si se pitit li yo ye.

12Moun ki renmen l, yo renmen lavi.

Moun ki leve granmaten pou chache l, y'ap jwenn kè kontan.

13Moun ki rive gen bon konprann yo ap resevwa anpil lwanj.

Kote yo pase, Granmèt la va beni yo.

14Moun k'ap sèvi Bon Konprann yo va sèvitè Bondye ki apa a.

Moun ki renmen l yo, Granmèt la va renmen yo tou.

15Moun ki koute l yo va jije san patipri.

Moun ki kenbe l fèm yo ap viv san danje lakay yo.

16Moun ki mete konfyans yo nan li ap resevwa l pou byen pa yo.

Y'a pase l bay pitit yo ak pitit pitit yo.

17Pou konmanse, Bon Konprann ap fè yo pase nan chemen difisil.

L'ap fè yo pè jouk y'a vle kite sa.

Disiplin l'ap mande yo a pral boulvèse yo.

Prensip l'ap ba yo a pral sonde yo,

jouk y'a rive mete konfyans yo nèt nan li.

18Apre sa, l'a tounen vin jwenn yo, l'a fè kè yo kontan.

L'a devwale tout sekrè li yo ba yo.

19Men, si yo pèdi chemen yo, l'ap lage yo,

l'ap kite yo ale jouk y'a tonbe.

Gen konfyans nan tèt ou

20Pa kite okenn okazyon pase, men pa fè sa ki mal.

Ou pa bezwen wont tèt ou.

21Gen yon kalite wont ki fè moun fè peche.

Men, gen yon lòt kalite wont ki fè moun nonmen non ou, ki fè yo fè lwanj ou.

22Pa desann tèt ou jouk pou ou bay lòt moun avantaj sou ou.

Pa pè moun jouk pou ou fè tèt ou mal.

23Pa pè pale lè sikonstans lan mande pou ou pale.

Pa kache bon konprann ou paske ou pa vle parèt sou moun.

24Se lè ou pale yo konnen ou gen bon konprann.

Se nan pawòl ki sot nan bouch ou yo rekonèt ou gen levasyon.

25Pa pran pozisyon kont sa ki vre.

Chonje se pa tout bagay ou konnen.

26Piga ou wont rekonèt peche ou yo.

Pa seye goumen ak gwo kouran dlo larivyè.

27Pa fè ti figi devan yon nèg sòt.

Pa achte figi moun ki chèf.

28Kanpe pou sa ki dwat, jouk pou ou ta asepte mouri si mouri ta rive pou ou.

Bondye Granmèt la va goumen pou ou.

29Pa fè awogans lè w'ap pale.

Pa pote neglijans ni pa fè parese nan travay ou.

30Pa aji tankou yon lyon ak moun anndan lakay ou.

Pa moutre domestik ou yo ou pè yo.

31Pa prese lonje men ou pou ou pran,

si ou konnen w'ap fèmen men ou di lè pou ou renmèt.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help