1Lè sa a, lanperè Atagzèsès te gen ventan depi pou yo kite mwen pase jouk mwen rive peyi Jida.
8Li Esd 7.6 ta ban mwen yon lèt tou pou Azaf, chèf reskonsab forè leta yo, pou li ka ban mwen bwa pou gwo pòtay fò k'ap pwoteje Tanp lan, bwa pou ranpa lavil la ak bwa pou kay kote pou m'rete a.
Lanperè a ban mwen tou sa mwen te mande li paske Bondye te avèk mwen.
9Li Esd 8.22 te voye kèk ofisye lame a ak kèk kavalye ale avè mwen. Se konsa mwen pati pou pwovens lòtbò larivyè Lefrat. Mwen pase kay tout gouvènè yo. Mwen renmèt yo lèt lanperè a ban mwen pou yo.
10Men, Ney 4.1; 6.1; 13.4,28 lè Sanbala, moun lavil Bèt-Owon, ak Tobija, yon moun peyi Amon ki t'ap travay nan gouvènman an, vin konnen te gen yon nonm ki te vin travay pou byen pèp Izrayèl la, sa te gate san yo anpil.
Desizyon Neyemi pou rebati ranpa Jerizalèm11Lè m Esd 8.32 rive lavil Jerizalèm, mwen kite twa jou pase anvan m fè anyen.
12Apre sa, mwen leve nan mitan lannwit, mwen pran kèk moun pa m avè m. Mwen pati san m pa di pèsonn sa Bondye te ban m lide fè pou lavil Jerizalèm. Sèl bèt nou te pran ak nou, se te bèt pou m moute a.
13Li Ney 1.3 te fè nwa. Nou sòti nan pòtay Ti Fon an ki sou bò lwès, nou vire desann nan direksyon sid, nou pase devan Fontenn Dragon an, ak devan pòtay Depotwa a. Sou tout wout la, mwen t'ap egzaminen eta ranpa lavil Jerizalèm lan, kote ki te gen twou ak pòtay dife te boule yo.
14Mwen vanse pi devan, mwen vire sou bò nò. Mwen pase devan pòtay Fontenn lan ak Rezèvwa Wa a. Lè m rive la, bèt mwen te moute a pat ka jwenn kote pou l pase.
15Nan fènwa a, mwen pase nan Ravin lan, mwen moute nan direksyon nò. Mwen t'ap egzaminen eta miray la byen. Apre sa, mwen kase tèt tounen sou menm chemen m te pase a, mwen antre nan lavil la, nan pòtay Ti-Fon an.
16Okenn chèf lavil la pa te konnen kote mwen t' ale, ni sa mwen t' ale fè. Lè sa a, mwen pa t'ankò di Jwif yo anyen: Ni prèt yo, ni chèf yo, ni majistra yo, ni okenn lòt moun ki te reskonsab travay reparasyon yo.
17Men Ney 1.3; Sòm 44.13; 79.4; Jer 24.9; Eze 5.14,15 lè sa a, mwen di yo:
— Nou wè nan ki traka nou ye avèk lavil Jerizalèm k'ap fin kraze nan men nou avèk pòtay boule li yo. Vini non! Ann al rebati miray ranpa lavil la! Moun va sispann fè nou wont.
18Lè sa a, mwen fè yo konnen kijan Bondye te la avèk mwen pou pwoteje mwen, epi tou sa lanperè a te di mwen. Yo reponn:
— Bon. Annavan! Ann al rebati!
Epi yo ranje kò yo pou mete men nan travay la.
19Men, Esd 4.13; Ney 4.1; 6.6 lè Sanbala, moun lavil Bèt-Owon an, Tobija, moun Amon ki t'ap travay nan gouvènman an, ak Gechèm, arab la, vin pran nouvèl la, yo ri nou kont kò yo, epi yo pase nou nan kont betiz yo. Yo di nou:
— Sa n'ap fè la a, mesye? Apa n'ap dezobeyi lòd wa a!
20Mwen Ney 2.4 reponn, mwen di yo:
— Se Bondye nan syèl la k'ap fè nou reyisi nan sa nou vle fè a. Nou menm ki sèvitè Bondye, nou pral konmanse rebati l. Men nou menm, moun lòt nasyon, nou pa gen okenn dwa sou lavil Jerizalèm. Nou pa gen anyen pou nou wè nan sa. Pèsonn pa janm nonmen non nou nan koze lavil Jerizalèm.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.