Jidit 6 - 1998 Haitian Creole

Desizyon Olofèn lan

1Lè moun ki te sanble bò konsèy chèf yo sispann lòbèy yo a, Olofèn, kòmandan lame Lasiri a, pale ak Akyò ansanm ak tout moun peyi Moab yo, li di yo devan tout moun lòt nasyon yo:

2— Kimoun nou konprann nou ye menm, pou ou menm Akyò ansanm ak toutè moun Efrayim yo, pou n'ap pran pòz pwofèt nou la ak nou, jan w'ap fè l jòdi a, pou w'ap di nou pa al atake moun pèp Izrayèl yo paske bondye yo a ap pwoteje yo? Ki Bondye w'ap pale nou la a? Mwen te kwè se Nebikadneza ki sèl bondye? Se li menm ki pral voye lame li a, lap disparèt yo nèt sou latè. Bondye yo a p'ap ka pwoteje yo.

3Nou menm ki esklav Nebikadneza, nou pral kraze yo tankou si se te yon grenn moun yo ye. Yo p'ap ka kenbe tèt ak kavalye nou yo.

4Kavalye nou yo pral fini ak yo. Mòn yo pral plen san menm jan yo plen dlo apre yon gwo lapli. Fon yo pral plen ak kadav yo. Moun sa yo p'ap ka kanpe devan nou paske n'ap disparèt yo nèt ale. Se wa Nebikadneza, granmèt tout latè a, ki di sa. Li menm li pa nan pale mete la.

5Kanta pou ou menm Akyò, toutè moun Amon yo, ki te louvri bouch ou pale pou malè ou, ou p'ap wè m ankò, jouk jou m'a pran revanj mwen sou moun sa yo, pitit moun ki te sove kite peyi Lejip yo.

6Lè sa a, sòlda mwen yo ak moun k'ap sèvi m yo pral pèse tout kò ou ak frenn yo ak nepe yo. Ou pral mouri ansanm ak tout moun yo pral touye yo lè m'a tounen.

7Kounyeya, moun k'ap sèvi m yo pral pran ou, yo pral avè ou nan mòn yo, y'ap mennen ou nan yonn nan lavil mònye sa yo.

8Nou p'ap touye ou kounyeya. Se ansanm ak tout moun ki nan lavil la pou ou mouri.

9Si lachans pòte pou ou, si ou vle kwè nan kè ou yo p'ap pran yo, ou pa bezwen fè figi ou kagou konsa. Se mwen ki pale. Ou pa bezwen pè, m'ap kenbe pawòl mwen.

Yo mennen Akyò lavil Betoulya

10Olofèn bay moun pa l yo ki te anba tant lan ansanm ak li yo lòd pou yo pran Akyò, pou yo mennen l lavil Betoulya, renmèt li bay moun pèp Izrayèl yo.

11Moun Olofèn yo pran Akyò, yo mennen l ale andeyò kan an, nan plenn lan. Yo pran chemen mòn yo avè l jouk yo rive bò sous dlo ki anba lavil Betoulya a.

12Lè mesye lavil Betoulya yo wè yo ap pwoche, yo pase men yo, yo pran zam yo, yo kouri sou tèt mòn yo. Mesye ki te gen boulin nan men yo konmanse voye wòch sou sòlda Olofèn yo. Se konsa yo rete yo sou kous yo nan moute mòn yo.

13Moun peyi Lasiri yo te blije kache kò yo yon kote nan flan mòn lan. Yo mare Akyò, yo kite l kouche atè nan mòn lan. Epi yo tounen al jwenn Olofèn, mèt yo a.

14Mesye pèp Izrayèl yo desann sòti Betoulya al pran Akyò, yo demare l, yo mennen l moute lavil la, yo fè l parèt devan chèf lavil yo.

15Lè sa a, kimoun ki te chèf? Se te Ozyas, pitit gason Nika nan branch fanmi Simeyon an, Chabis, pitit gason Gotonyèl, epi Chamis, pitit gason Mèlkiyèl.

16Chèf sa yo fè rele tout chèf fanmi lavil yo. Tout moun reyini, ni jenn gason yo, ni fanm yo. Yo mete Akyò kanpe nan mitan pèp la, epi Ozyas mande l sa ki te rive.

17Akyò reponn, li rapòte yo tou sa moun yo te di nan reyinyon konsèy Olofèn lan, ak tou sa li menm li te di devan tout chèf peyi Lasiri yo. Li di yo tout vye pawòl derespektan Olofèn te di sou pèp Izrayèl la.

18Lè moun Izrayèl yo fin tande tout pawòl sa yo, yo tonbe ajenou, yo bese tèt yo jouk atè devan Bondye, epi yo pran rele byen fò:

19— Granmèt, Bondye ki nan syèl la, gade ensolanste moun sa yo non! Pitye pou jan y'ap pase nou nan betiz! Gade nou non jòdi a, nou menm kap viv apa pou ou!

20Apre sa, yo di Akyò li pa bezwen pè. Yo fè l konpliman anpil pou sa l te fè a.

21Ozyas kite reyinyon an ansanm ak Akyò, li mennen l lakay li, kote li ofri tout chèf fanmi yo bagay pou yo bwè. Lèfini, yo pase tout lannwit lan ap rele Bondye pèp Izrayèl la pou l vin ede yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help