Ezayi 21 - 1998 Haitian Creole

Lavil Babilòn tonbe

1Men mesay Bondye bay sou plenn bò rele byen fò:

— Mèt, m'ap rete kanpe la nan pòs mwen tout lajounen. Mwen p'ap deplase kote m ye a. M'ap veye tout lannwit.

9Lè yo:

— Yon moun rete peyi Seyi, l'ap rele m. Li di m: Ey, gad! Kilè li ye? Konbe tan ankò pou nwit lan bout? Konbe tan ankò anvan solèy leve?

12Mwen reponn:

— Bajou prèt pou kase. Men apre sa, se va lannwit ankò. Si nou vle mande sa ankò, tounen vin mande.

Yon mesay pou Arabi

13Men Jen 37.25 mesay Bondye bay pou moun peyi Arabi yo:

— Nou menm moun peyi Dedan, se nan mitan raje ki nan savann Arabi a nou pral moute kan nou pase nwit!

14Al kontre moun ki swaf dlo yo pou ba yo bwè. Moun peyi Tema yo al kontre moun k'ap kouri sove yo, yo pote manje ba yo.

15Moun yo pran kouri pou yo chape anba nepe sòlda ki te sòti pou touye yo, anba flèch ki te tou pare pou pèse yo, anba gwo danje ki te gen nan batay la.

16Lè Eza 60.7; Eze 27.21 sa a, Senyè a di m konsa:

— Nan yon lanne, jou pou jou, tankou moun k'ap travay pou lajan kalkile lè travay yo, p'ap rete anyen nan tout bèl pouvwa peyi Keda a!

17Ou Eza 1.20 tande jan nan peyi sa a gen anpil vanyan sòlda ki konn tire banza byen? Enben! Se de twa ase ki va rete. Se mwen menm, Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki di sa.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help