Chirasid 10 - 1998 Haitian Creole

Chèf yo

1Yon chèf ki gen konprann ap fè levasyon pèp li.

Lè yon wa gen lespri, otorite li ap byen chita.

2Minis k'ap sèvi yon chèf ap menm jan avè l.

Moun ki rete nan yon lavil ap tankou chèf lavil la.

3Yon wa sòt ap lakòz pèp la fini.

Yon lavil va wè zafè l mache si chèf li yo gen bon konprann.

4Se nan men Granmèt la gouvènman tout latè a ye.

Lè lè a va rive, l'a konnen pou l mete chèf yo bezwen an.

5Yon nonm ki rive nan lavi, se bagay ki sòti nan Bondye.

Se Bondye ki fè yo respekte tout moun ki chèf.

Lògèy

6Pa janm kenbe moun nan kè ou, nenpòt kisa yo fè ou ki mal.

Pa janm pran desizyon lè ou an kòlè.

7Ni Granmèt la ni moun pa vle wè lògèy.

Yo yonn pa ka sipòte lenjistis.

8Lenjistis, awogans ak gwotanta lakòz chèf nasyon yo tonbe pèdi pouvwa yo,

yon lòt moute pran plas yo.

9Se pousyè tè ak sann dife yo ye. Poukisa tout lògèy sa a lakay nou?

Nou poko mouri, trip nou deja pouri.

10Yon maladi ki pa vle geri, se tèt chaje pou yon dòktè.

Ata yon wa, jòdi a li vivan, denmen li mouri.

11Lè yon moun mouri,

tou sa ki pou li se vè, se mouch, se bèt.

12Depi yon moun vire do bay Granmèt la,

depi li rete lwen Bondye ki kreye l la,

lògèy konmanse pran pye sou li.

13Rasin lògèy se peche.

Lè yon moun lage kò l nan fè peche, li chaje ak madichon.

Se poutèt sa Bondye ap voye gwo chatiman sou li,

li ka rive kraze l nèt.

14Granmèt la fè chèf tonbe sot sou fòtèy yo.

Li fè moun malere moute chita nan plas yo.

15Granmèt la dechouke gwo chèf nasyon yo.

L'ap plante moun ki dou nan plas yo.

16Granmèt la mete peyi gwo nasyon yo tèt anba.

Li disparèt tè yo a nèt ale.

17Gen ladan yo, li sitèlman fini ak yo,

yo disparèt nèt, moun pa menm chonje yo ankò.

18Bondye pa te kreye moun pou yo te gen lògèy.

Non. Moun pa te fèt pou yo fè gwo kòlè mechanste.

Moun pou nou respekte

19Ki moun ki merite respè? Tout moun, depi yo gen krentif pou Granmèt la.

Ki moun ki pa merite pou yo respekte yo? Tout moun, depi yo pa respekte lalwa Bondye a.

20Y'ap respekte chèf la nan mitan tout frè l yo.

Granmèt la ap fè lonè tout moun ki gen krentif pou li.

22Ou te mèt rich, tout moun te mèt ap nonmen non ou, ou te mèt pòv,

tout lògèy ou, se nan krentif pou Granmèt la sa ye.

23Sa pa bon pou ou meprize yon pòv ki gen lespri,

ni sa pa bon pou w'ap fè lwanj yon moun k'ap fè sa ki mal.

24Se pou nou respekte chèf, majistra ak otorite.

Men, yo yonn pa merite plis respè pase moun ki gen krentif pou Granmèt la.

25Yon esklav ki gen bon konprann ap gen moun lib k'ap sèvi l.

Moun ki gen konprann p'ap plenyen lè y'a wè sa rive.

Pa fè grandizè, fè respè tèt nou

26Lè ou fin fè yon travay, pa mache di gade jan ou gen ladrès.

Lè ou nan nesesite, pa pran pòz zafè ou bon.

27Pito yon moun travay di lèfini li genyen depase sa l bezwen

pase pou w'ap mache fè grandizè ak grangou nan vant ou.

28Pitit mwen, fè respè tèt ou, men pa fè l twòp.

Rekonèt valè tèt ou pou sa ou vo.

29Pa gen okenn rezon pou yon moun fè tèt li mal.

Pèsonn p'ap respekte yon moun ki pa fè respè tèt li.

30Y'ap respekte yon moun pòv pou konesans li.

Y'ap respekte yon moun rich pou lajan li.

31Si yo respekte yon moun ki pòv,

ou pa bezwen mande sa y'a fè l si li vin rich?

Si yo meprize yon moun rich,

ou pa bezwen mande sa y'a fè l si li vin pòv?

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help