Jòb 2 - 1998 Haitian Creole

Satan tounen dèyè Jòb

1Yon jou, zanj Bondye yo te reyini Jòb 1.6 ak Senyè a. Satan te vini tou.

2Senyè a Jòb 1.7 mande l:

— Kote ou sòti?

Satan reponn:

— Mwen sot moute desann toupatou sou latè, mwen t'ap pwonmennen gade.

3Senyè a Jòb 1.8 di Satan konsa:

— Eske ou te wè Jòb, sèvitè m lan? Pa gen tankou l sou tout latè. Se yon nonm san repwòch ki mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li gen krentif pou Bondye, li toujou ap chache fè sa ki byen. Se kounyeya li kenbe m. Ou wè se pou gremesi ou t'ap pouse m pou m te fini avè l.

4Satan reponn li:

— Lavi miyò pase byen! Yon moun va bay tou sa li genyen pou l pa mouri.

5Men, Jòb 1.5 si ou manyen kò pa l menm, ou mèt sèten fwa sa a, l'ap di sa li pat dwe di sou ou nan figi ou.

6Senyè a di Satan konsa:

— Ou mèt fè sa ou vle avè l. Men, pa touye l pou mwen.

7Lamenm, Egz 9.9; Det 28.35; Eza 1.6 Satan vire do l, l ale. Li fè gwo bouton pete sou tout kò Jòb, depi anba pla pye l jouk nan po tèt li.

8Lè Jòb 42.6; Eze 27.30; Jo 3.6 sa a, Jòb sòti, l'al chita nan pil sann kote yo boule fatra. Li pran yon moso krich kraze pou grate kò l.

9Madanm Jòb 1.5; 27.5,6 li di l konsa:

— Ou nan kenbe pye Bondye fèm toujou? Joure l byen joure, epi mouri mouri ou kont fini!

10Jòb Jòb 1.22; Sòm 74.18,22; Jak 5.10,11 di li:

— Pe bouch ou la, madanm! W'ap pale tankou moun fou! Lè Bondye ban nou benediksyon, nou kontan. Atò poukisa pou nou plenyen lè li voye malè sou nou?

Malgre tou sa ki te rive l, Jòb pat kite okenn move pawòl sòti nan bouch li pou li fè peche kont Bondye.

Twa zanmi Jòb vin wè l

11Twa Jòb 42.11; Pwo 17.17; Wòm 12.15 nan zanmi Jòb yo vin konnen tout malè ki te tonbe sou li. Yo kite peyi yo, yo vin wè Job. Se te Elifaz, moun Teman, Bildad, moun Chwak, epi Sofa, moun Naama. Yo fè lide vin ansanm pou plenn sò li epi pou ba li kouray.

12Yo Jen 37.29; Joz 7.6; Lam 2.10; Eze 27.30 te yon bèl ti distans toujou lè yo wè Jòb. Yo pat rekonèt li. Lè yo rekonèt li, dlo vin nan je yo, yo konmanse rele, yo kriye. Yo chire rad sou yo, yo voye pousyè tè sou tèt yo tèlman sa te fè yo lapenn.

13Apre Jen 50.10; Eze 3.15 sa, yo chita atè a bò kote Jòb pandan sèt jou sèt nwit san di yon mo, paske yo te wè jan l'ap soufri.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help