Jidit fanm jwif la - 1998 Haitian Creole
fanm jwif laLiv Jidit la rakonte nou kijan, yon lè lame moun Lasiri yo te prèt pou fini nèt ak moun pèp Izrayèl yo, se yon fanm Bondye chwazi pou sove pèp li a. Menm jan nan tan lontan te gen fanm tankou Jayèl, Debora ak Estè ki te parèt pou delivre pèp la, fwa sa a se yon vèv yo te rele Jidit ki te rive touye Olofèn, kòmandan lame moun Lasiri yo. Jidit te gen anpil krentif pou Bondye, li te mache dwat dapre lalwa Moyiz la. Se konsa li pat pè mete lavi li an danje pou l te ka sove pèp li a.Dapre jan yo rakonte istwa a, nou wè se pa yon istwa tout bon vre, men se yon bèl kont yo rakonte pou fè pase yon mesay ankourajman pou pèp jwif la, pou fè yo konprann chak lè yo anba gwo danje pou etranje pran peyi a nan men yo, se pou yo ranfòse konfyans yo nan Bondye k'ap ba yo gany sou lènmi yo. Lènmi yo te mèt fò kou yo fò, delivrans Bondye a ap sòti kote yo pa t'ap tann: Bondye ap sèvi ak yon moun tou fèb, men ki mete tout konfyans li nan li, pou fè travay li. Se konsa sa te pase pou David ak Golyat, pou Debora ak moun peyi Filisti yo, pou Estè ak Aman. Atout patizan Kris yo pa ka dakò ak tout kraze zo ak lòt konfyolo nou jwenn y'ap fè nan non Bondye nan istwa sa yo, fòk nou rekonèt jwif yo te kwè Bondye te ba yo dwa fè nenpòt bagay, tankou touye lènmi yo, woule moun, bay manti, depi yo fè l pou sa yo rele kòz Bondye a.Liv la genlè te ekri nan lang ebre bò lanne 150 rive lanne 50 konsa anvan Jezikri. Lè sa a, jwif yo te anba gwo pèsekisyon. Tout jan, se sèlman tradiksyon grèk la ki rive jwenn nou.Men sa ki nan liv la:1- Yon lame peyi Lasiri anba kòmandman jeneral Olofèn anvayi peyi Jide. Yo moute kan yo devan lavil Betoulya 1.1—7.322- Jidit fè yon plan, li antre nan kan lame a, li touye Olofèn 8.1—14.103- Sòlda peyi Lasiri yo pèdi kouray, yo kouri kite peyi a 14.11—15.74- Jwif yo fete gwo gany sa a Bondye ba yo sou lènmi yo, gremesi yon fanm vanyan 15.8—16.25