2 Korent 1 - 1998 Haitian Creole

Salitasyon

1Mwen menm Pòl, yon moun Bondye san ipokrizi, sitou nan mitan nou menm, moun Korent, jan Bondye vle l la. Paske, sa se travay favè Bondye a, se pat bon konprann lèzòm ki t'ap dirije mwen.

13Nan tout lèt mwen ekri, mwen pa janm di lòt bagay pase sa nou ka li ak sa nou ka konprann. Mwen gen espwa nou ka rive konprann nèt

14sa 2 Kor 5.12; Fil 2.16 nou poko fin konprann kounyeya: konsa, lè jou Senyè Jezi a va rive, nou ka kontan m anpil, menm jan mwen menm m'a kontan nou tou.

15Mwen te sitèlman gen konfyans sou pwen sa a, mwen te konmanse fè lide ale lakay nou pou nou te ka resevwa benediksyon Bondye a de fwa.

16Men 1 Kor 16.5,6 wi, mwen te fè lide pase lakay nou sou wout mwen lè mwen ta prale Masedouàn, epi pou nou te resevwa m ankò lè m'ap tounen sòti la. Nou ta ka ede m lè sa a kontinye vwayaj mwen pou peyi Jide.

17Lè m te 2 Kor 5.16 fè lide sa a, eske mwen te twò prese? Lè m'ap pran yon desizyon, eske se avantaj pa m m'ap chache tankou tout moun kifè m ta gen de pawòl?

18Mwen pran Bondye ki gen yon sèl pawòl la pou temwen, pwomès mwen te fè nou an, se pat yon wi ak yon non anmenmtan.

19Paske, mwen menm, Silas ak Timote, nou pat anonse nou Jezikri, Pitit Bondye a, tankou yon moun ki gen de pawòl. Okontrè, se wi ase Jezikri di pou Bondye.

20Paske Rev 3.14 se li menm ki fè nou wè tout pwomès Bondye yo se verite. Se poutèt sa tou, gremesi Jezikri, nou ka di amèn lè n'ap fè lwanj Bondye.

21Se 1 Jan 2.27 Bondye menm ki kenbe m fèm, ansanm ak nou tout, nan lavi n'ap mennen nan Kris la. Se li menm ki mete nou apa pou li,

22li 2 Kor 5.5; Wòm 8.16; Ef 1.13,14 menm ki mete letanp li nan kè nou, Sentespri a, kou yon garanti sou tout sa li sere pou nou.

23Mwen 2 Kor 11.31; Wòm 1.9 pran Bondye pou temwen sou lavi m: se pou m te ka menaje nou kifè mwen chanje lide, mwen pa rive Korent.

24Mwen 1 Pyè 5.3 p'ap chache fòse nou kwè anyen, paske nou deja kanpe fèm nan lafwa. Men, mwen ta renmen travay ansanm ak nou pou fè kè nou kontan.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help