1Jezi di disip li yo:
— Ap toujou gen bagay k'ap fèt ki pou fè moun fè peche. Men, malè pou moun ki lakòz bagay sa yo rive.
2Prefere
22Epi li di disip yo:
— Gen yon lè nou va anvi wè yonn nan jou ki pou Moun Bondye voye nan lachè a, men nou p'ap wè sa.
23Y'a Lik 21.8 di nou: Gade, men l bò isit, osinon: Gade, men l bò laba. Pa ale, pa kouri dèyè yo.
24Lè Mat 24.26,27 yon kout zèklè fè yan, li klere syèl la byen klere depi yon bout jouk nan lòt bout la, pa vre. Se va menm jan an tou pou Moun Bondye voye nan lachè a, lè jou l va rive.
25Men, Lik 9.22 anvan sa, li gen pou l soufri anpil, moun alèkile yo p'ap vle wè li.
26Sa Mat 24.37-39 ki te rive nan tan Noye a se sa k'ap rive tou lè jou a va rive pou Moun Bondye voye nan lachè a vini.
27Moun Jen 7.7-23 t'ap manje, yo t'ap bwè, moun t'ap marye, yo t'ap marye pitit fi yo. Se konsa tout bagay te ye, jouk jou Noye te antre nan gwo batiman an. Lè inondasyon an fèt, li touye yo tout.
28Sa Jen 18.20 ki te rive nan tan Lòt la va rive menm jan an tou. Moun t'ap manje, yo t'ap bwè, yo t'ap achte, yo t'ap plante, yo t'ap bati.
29Men, Jen 19.24,25 jou Lòt soti kite lavil Sodòm lan, dife grennen kou lapli sot nan syèl la tonbe sou yo. Yo tout peri.
30Se va menm jan an tou lè jou a va rive pou Moun Bondye voye nan lachè a parèt.
31— Jou Mat 24.17,18; Jen 19.26 sa a, moun ki va sou teras kay yo, yo p'ap gentan desann pran zafè yo. Moun ki nan jaden p'ap gentan tounen lakay yo.
32Chonje istwa madanm Lòt la.
33Moun Lik 9.24 ki va chache sove lavi l va pèdi l. Men moun ki va pèdi lavi l va konsève li.
34M'ap di nou sa: Jou lannwit sa a, va gen de moun sou yon menm kabann. Y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la.
35Va Mat 24.40,41 gen de fanm k'ap pile grenn ansanm: y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la.
37Disip Jòb 29.25; Mat 24.28 yo pran lapawòl, yo mande li:
— Ki kote sa pral fèt, Mèt?
Li reponn yo:
— Kote bourik mouri a ye a, se la chen yo va rasanble tou.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.