Sòm 118 - 1998 Haitian Creole

SÒM 118 (117)Mèsi Bondye delivrans nou

1Fè 1 Kwo 16.34; Sòm 100.5; Jer 33.11 lwanj Senyè a paske li bon.

Non, li p'ap janm sispann renmen nou!

2Se Sòm 115.9-11 pou pèp Izrayèl la di:

— Non, li p'ap janm sispann renmen nou!

3Se pou prèt k'ap sèvi Bondye yo di:

— Non, li p'ap janm sispann renmen nou!

4Se pou tout moun ki gen krentif pou Bondye di:

— Non, li p'ap janm sispann renmen nou!

5Nan Sòm 18.6,19 tray mwen te ye a, mwen rele Senyè a,

li reponn mwen, li delivre m.

6Senyè a Sòm 56.9,11; Wòm 8.31; Eb 13.6 pou mwen, mwen pa pè anyen.

Kisa moun ka fè m?

7Se Sòm 54.4,7 Senyè a k'ap ede mwen.

Se konsa m'ap kanpe gade moun ki rayi m yo.

8Pito Sòm 40.4; Jer 17.5,7 yon moun chache pwoteksyon anba zèl Senyè a

pase pou l mete konfyans li nan moun.

9Pito Sòm 146.3; Eza 30.1-3 yon moun chache

pwoteksyon anba zèl Senyè a

pase pou l konte sou chèf.

10Tout Sòm 88.17 nasyon yo te sènen m,

Men, avèk pouvwa Senyè a, mwen kraze yo nèt.

11Yo te sènen m, yo te kwense m.

Men, avèk pouvwa Senyè a, mwen kraze yo nèt.

12Yo Det 1.44; Sòm 58.9 te kouvri m tankou myèl.

Men, yo mouri tankou dife nan pay.

Avèk pouvwa Senyè a, mwen kraze yo nèt.

13Yo te ban m yon bourad pou fè m tonbe.

Men, Senyè a te pote m sekou.

14Se Egz 15.2; Eza 12.2 Senyè a ki tout fòs mwen,

se pou li m'ap chante.

Se li menm ki delivre m.

15Tande Egz 15.6; Lik 1.51 jan moun k'ap mache dwat devan Bondye yo ap rele

anndan lakay yo, sitèlman yo kontan!

Yo genyen batay la, yo delivre.

Senyè a fè bèl bagay avèk pouvwa li.

16Pouvwa Senyè a se yon pakèt afè.

Senyè a fè bèl bagay ak pouvwa li.

17Non, Sòm 6.5; 73.28; 107.22 mwen p'ap mouri. M'a viv!

M'a rakonte sa Senyè a fè pou mwen.

18Li Jer 30.11; 2 Kor 6.9 te pini m byen pini.

Men, li pat touye m.

19Louvri Eza 26.2 pòt kay Bondye ki fè m jistis la

pou m antre, pou m di Senyè a mèsi.

20Men Sòm 24.7; Rev 21.27; 22.14 pòt kay Senyè a!

Se moun ki mache dwat devan l sèlman ki ka pase ladan l.

21Senyè, Sòm 27.1; 116.1 m'ap di ou mèsi paske ou te koute m,

paske se ou menm ki delivre m.

22Wòch Eza 28.16; Mak 12.10,11; Tra 4.11; Ef 2.20; 1 Pyè 2.4,7 moun ki t'ap bati yo te voye jete a,

se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la.

23Sa se travay Senyè a menm!

Se bèl bagay pou nou wè sa!

24Ala yon bèl jounen Senyè a ban nou!

Ann pase jounen an ap fè fèt, ann fè kè nou kontan!

25Aa! Mat 23.39; Mak 11.9; Jan 12.13 Senyè! Tanpri, delivre nou!

Tanpri, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè!

26Benediksyon pou moun ki vini nan non Senyè a!

Nou menm ki nan kay Senyè a, n'ap beni nou.

27Senyè a Egz 27.2; Sòm 97.11 se Bondye li ye.

Li wete nou nan fènwa kote nou te ye a.

Avèk branch bwa nan men nou, ranje nou pou nou fè tout tou lotèl la.

28Se Egz 15.2; Sòm 99.5; Eza 25.1 ou ki Bondye mwen, mape di ou mèsi.

Bondye mwen, m'ap di jan ou gen pouvwa!

29Fè Sòm 118.1 lwanj Senyè a paske li bon.

Li p'ap janm sispann renmen nou!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help