Sòm 141 - 1998 Haitian Creole

SÒM 141 (140)Bondye, pote m sekou(1a) Se Ou Sòm 109.4; Pwo 9.8; 27.6; Ekl 7.5 mèt kite yon moun ki mache dwat pini m.

Ou mèt kite yon moun k'ap sèvi ou rale zòrèy mwen.

Men, pa kite m patisipe nan okenn fèt mechan yo.

Paske, lè m'ap lapriyè, m'ap toujou denonse sa y'ap fè ki mal.

6Se pou yo pran chèf mechan yo, jete yo anba nan falèz.

Lè sa a, y'a rekonèt pawòl mwen se verite.

7Tankou Sòm 53.5 lè y'ap fann bwa pou fè l fè ti mòso,

se konsa zosman nou yo pral gaye devan bouch twou kote mò yo ye a.

8Men, Sòm 11.1; 25.15 Senyè, Bondye, se sou ou m'ap gade.

Se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon.

Tanpri, pa kite m san sekou!

9Pa Sòm 140.5 kite m pran nan pèlen yo tann pou mwen,

nan pèlen moun k'ap fè mal yo.

10Se Estè 7.10; Sòm 7.15,16 pou mechan yo pran nan pèlen y'ap pare pou lòt moun,

epi mwen menm, pou m fè chemen mwen!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help