Estè (Grèk) E - 1998 Haitian Creole
Lèt ki mete jwif yo kanpe ankò 1 Men kopi lèt la:— Gran wa Atagzèsès la voye bonjou bay tout minis li yo k'ap gouvènen sanvennsèt pwovens yo ansanm ak patizan l yo depi nan peyi Lend rive nan peyi Letyopi. 2 Anpil moun, lè yo resevwa lwanj twò dri nan men chèf ki ba yo favè san gad dèyè, yo kite gwotanta vire tèt yo. 3 Non sèlman yo sòti pou yo tounen yon nwizans pou moun ki soumèt devan mwen yo, men, paske yo pa ka sipòte anyen ki pou ta kontwole yo, yo tanmen fè konplo sou do moun ki t'ap fè tout byen sa yo pou yo. 4 Non sèlman yo pa gen rekonesans pou sa moun fè pou yo, men yo kite yon bann fanfawon ki pa konn sa ki rele fè byen vire tèt yo. Yo mete nan lide yo yo ka chape anba jistis ki pa vle wè sa ki mal, jistis Bondye ki toujou wè a, Bondye ki toujou konnen tou sa k'ap pase a. 5 Anpil fwa tou, chèf leta konn pran moun yo konsidere pou zanmi, yo mete yo reskonsab zafè leta a. Men, se menm moun sa yo ki pran tèt chèf yo pou fè yo fè krim sou do moun inonsan, pou fè yo fè bagay mal yo pa ka repare. 6 Se paske zanmi sa yo sitèlman bay manti, yo sitèlman fè move mannigèt, yo rive twonpe moun ki te kwè nan yo, yo trayi konfyans chèf yo. 7 Nou pa bezwen ale nan istwa tan lontan yo te rakonte nou pou nou wè bagay konsa. Annik louvri je nou sou sa k'ap pase kounyeya pou nou wè tout kalite krim yon seri mètdam ki pa merite nan pozisyon chèf ap fè devan je nou. 8 Se poutèt sa, depi jòdi a, nou pral fè tout jefò nou pou nou dirije peyi a nan enterè tout moun san dezòd ak nan kè poze. 9 Nou pral chanje sa ki merite chanje, lèfini n'ap pran tan nou pou nou jije tout ka y'a pote devan nou pou nou pa fè lenjistis. 10 Se konsa, Aman, pitit gason Amadatòs la, moun peyi Masedwàn, men pou di vre ki pa menm ras ak moun peyi Pès yo epi ki pa gen menm santiman ak nou ki gen bon kè, enben wi, Aman sa a, nou te louvri de bra nou pou nou te resevwa l lakay nou. 11 Nou te boule avè l an bon zanmi tankou nou fè l ak tout moun lòt nasyon yo. Nou te menm rive rele l papa nou, epi nou te ba li dezyèm plas nan gouvènman an bò fòtèy wa a. Kifè tout moun te bese tèt jouk atè devan li. 12 Men, li pa kontwole gwotanta li, li te sòti non sèlman pou l te pran pouvwa a nan men nou, men pou l te touye nou tou. 13 Li moute yon sèl koze plen manti ak vis, li mande m pou m fè touye Madoche, yon nonm ki sove lavi m, yon nonm se byen ase li fè pou mwen, ansanm ak Estè, yon madanm san repwòch k'ap travay ansanm avè nou. Li t'ap fè touye dènye moun nan pèp yo a tou. 14 Konsa, li te met nan tèt li li ta pral kite m pou kont mwen, li t'ap pran tout peyi ki anba lòd moun Pès yo pou l te fè yo pase nan men moun Masedwàn yo. 15 Men nou wè jwif yo, moun vye kannay sal sa a ta pral fè disparèt yo, se pa malfektè yo ye. Lekontrè, yo gen lwa pa yo ki dwat sou tout pwen pou regle zafè yo. 16 Lèfini, se pitit Bondye vivan an yo ye, Bondye ki rete anwo nan syèl la, li menm ki gen anpil pouvwa a epi k'ap gouvènen peyi a san patipri pou nou, jan l te fè l pou zansèt nou yo nan bon kondisyon. 17 Konsa, nou pa bezwen okipe lèt Aman, pitit Amadatòs la, te voye ban nou yo, 18 paske Aman sa a ki te ekri tout lèt sa yo mouri pann, li menm ansanm ak tout fanmi l devan pòtay lavil Souz. Se konsa Bondye ki donminen sou tout bagay pa mize pou ba li chatiman li merite a. 19 Lè n'a fin fè piblikasyon lèt sa a toupatou, n'a kite jwif yo lib pou yo viv dapre regleman pa yo. 20 Epitou, se pou nou bay jwif yo koutmen pou yo ka defann tèt yo lè moun va atake yo jou ki va make trèz nan douzyèm mwa a, mwa Ada a, si yo ta rive nan pwoblèm. 21 Paske Bondye, ki Granmèt tout bagay k'ap fèt sou latè a, fè jou sa a ki te yon jou pou yo te disparèt ras moun li te chwazi a tounen yon gwo jou kè kontan pou yo. 22 Nou menm menm jwif yo, se pou nou mete jou sa a nan lis gwo jou fèt nou yo. Jou sa a, se pou nou fè fèt ak gwo kè kontan, 23 konsa, jòdi a ak apre sa, se va yon delivrans pou nou ak pou moun peyi Pès ki va mete tèt ansanm ak nou yo. Men pou moun ki t'ap fè konplo sou do nou yo, sa va fè yo chonje jan nou te fini ak yo yon jou konsa. 24 Si gen yon lavil osinon yon pwovens ki pa swiv lòd sa yo, se pou yo dechèpiye l nan lagè, lèfini pou yo mete dife ladan l. Pèsonn p'ap gendwa al rete ladan l. Ata bèt nan bwa ak zwazo yo p'ap janm vle wè kote sa a ankò.