1aLiv Lalwa a, liv Pwofèt yo ansanm ak lòt liv yo te ekri apre yo gen yon bann gwo kòzman yo te sere pou nou. Se poutèt sa n'ap fè lwanj pèp Izrayèl la pou konesans ak bon konprann yo ban nou. Men, sa pa kont pou se moun k'ap li yo ase ki ka rive gen anpil konesans pou tèt pa yo. Tout moun ki renmen konnen fèt pou yo itil lòt moun tou, kit se nan sa yap di, kit se nan sa yo menm yo ekri.
Se poutèt sa Jezi, granpapa mwen, te pran tout tan li pou li te li sa ki nan liv Lalwa a, nan liv Pwofèt yo ak nan lòt liv zansèt nou yo te ekri yo, jouk li rive konnen yo byen. Apre sa, li santi nesesite pou l ekri yon liv li menm kote li ka separe ak lòt moun bon konprann ak konesans li yo. Konsa, moun ki vle konnen yo, lè y'a li liv pa li a tou, yo ka anfòm pou yo viv dapre sa ki nan lalwa a.
Konsa, mwen envite nou tout pou nou li liv sa a avèk anpil atansyon, pou nou mete lespri nou sou sa. Atout mwen te fè tou sa m te kapab pou mete l nan lang grèk la, mwen mande nou, tanpri souple, pou nou pa joure m si nou jwenn kèk pawòl kote mwen bite. Paske, pawòl yo bay nan lang ebre a pa fin gen menm sans lan lè nou bay yo nan yon lòt lang. Se pa sèlman pou liv sa a nou gen pwoblèm sa a, men pou liv Lalwa a, pou liv Pwofèt yo ak pou lòt liv yo tou. Lè yo pran yon pawòl ki ekri nan yon lang pou yo mete l nan yon lòt lang, sa yo bay nan lòt nan lang lan pa fin menm ak sa yo di nan lang yo te ekri yo a.
Wa Evègèt t'ap mache sou trantwitan depi li t'ap gouvènen lè mwen desann nan peyi Lejip kote mwen pase kèk tan la. Antan m te la, mwen te gen chans rive jwenn yon kopi liv konesans sa a. Se konsa mwen vin fè lide se ta yon bon bagay si m te ka pran san mwen pou m travay pou m mete liv sa a nan lang grèk la. Mwen pase anpil nwit san dòmi, mwen sèvi ak tout konesans mwen te genyen, pou m te ka fini travay sa a. Lèfini, pou m te fè liv sa a parèt pou sèvi tout moun k'ap viv nan peyi etranje epi ki ta renmen konnen jan pou yo ka rive mennen bak yo dapre sa Lalwa a mande.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.