Chirasid 13 - 1998 Haitian Creole

Pa frekante nenpòt moun

1Si ou mete men ou nan godwon, l'ap sal dwèt ou.

Moun ki fè bann ak moun k'ap pase Bondye nan betiz, bout pou bout y'ap sanble ak yo.

2Pa leve chay ki twò lou pou ou.

Pa frekante moun ki pi grannèg osinon ki pi rich pase ou.

Yon gwo veso fèt an tè pa ka ale menm kote ak yon veso fèt an fè.

Si yo frape yonn ak lòt, fè a ap kraze tè a.

3Lè yon moun rich fè yon moun mal, li gendwa joure l met sou li.

Lè yon pòv sibi yon lenjistis, se li menm ki pou mande eskiz ankò.

4Yon moun rich ap sèvi avè ou toutotan li bezwen ou.

Lè se ou menm ki bezwen li, l'ap kite ou tonbe.

5L'ap viv avè ou toutotan ou gen kichòy.

L'ap souse ou san gad dèyè.

6Si li bezwen ou, l'ap lolo ou,

l'ap ri avè ou, l'ap ba ou bèl espwa.

L'a fè ou konpliman, l'ap di ou: Kisa m ka fè ou pou, en?

7L'ap envite ou nan fèt li yo pou fè ou wont.

Lèfini, l'ap souse ou de twa fwa. Apre sa, l'ap pase ou nan betiz.

Si li wè ou nan apre, l'ap pran pòz pa janm konnen ou,

l'ap pase ou nan rizib.

8Mache sou prigad ou pou moun pa woule ou.

Pa aji tankou moun fou pou yo pa trennen ou nan labou.

9Lè yon grannèg ap envite ou lakay li, kenbe distans ou avè l.

Lè sa a, l'ap toujou kontan envite ou.

10Pa kouri moute sou li pou l pa mete ou nan plas ou.

Men, pa rete twò lwen li pou l pa bliye ou.

11Pa nan twòp kòkòday avè l.

Pa fye bèl pawòl l'ap di ou yo.

Avèk tout pale anpil sa yo, se sonde l'ap sonde ou.

Lè l'ap ri avè ou, se wè l'ap wè kote ou ye avè l.

12Si yon moun pa ka kenbe pou li pawòl ou di li, se yon sanmanman li ye.

Li p'ap jennen pou l ba ou ou kou osinon pou l mete ou nan prizon.

13Veye kò ou! Gade kote wap mete pye ou,

paske ou toujou ap mache ak moun ki ka fè malè ou.

15Tout bèt vivan renmen parèy yo.

Tout moun renmen frè parèy yo.

16Tout bèt renmen fè bann ak parèy yo.

Konsa tou, tout moun renmen mete tèt yo ansanm ak frè parèy yo.

17Kouman ou ta vle pou lou ak mouton ka antann yo?

Konsa tou, moun k'ap sèvi Bondye pa ka antann yo ak moun k'ap fè sa ki mal.

18Ki byen viv ou ta vle pou genyen ant chen ak chat mawon?

Konsa tou, ki byen viv ou ta vle pou genyen ant moun rich ak moun pòv?

19Bourik mawon se manje yo ye pou lyon nan dezè yo.

Konsa tou, pòv yo se sibi y'ap sibi anba men rich yo.

20Moun ki gen lògèy pa ka sipòte moun k'ap fè kò yo piti.

Konsa tou, moun rich pa vle wè moun pòv.

21Lè yon moun rich fè yon bitay, zanmi prese vin ba li men.

Men, lè se yon pòv malere ki tonbe, zanmi l yo vire do ba li.

22Lè yon moun rich fè yon betiz, anpil moun ap kouvri pou li.

Si l'ap di radòt chèch, y'ap fè l konpliman.

Men, kite yon pòv malere fè yon betiz, y'ap kouvri l anba repwòch.

Li te mèt ap di bon pawòl, pèsonn p'ap koute l.

23Lè yon moun rich ap pale, tout moun pe bouch yo.

Lèfini, y'ap fè gwo konpliman pou sa li di.

Men, kite yon pòv pale, y'ap di: Ooo! Kilès sa a?

Si bouch li chape menm, y'ap bourade l jete atè.

24Richès se bon bagay depi ou pa fè sa ki mal pou ou genyen l.

Men, se pa yon bagay ki mal lè yon moun pòv. Se moun ki pa kwè nan Bondye yo ase ki met sa nan tèt yo.

25Santiman ou gen nan kè ou parèt sou figi ou,

kit yo bon, kit yo pa bon.

26Si kè ou kontan, w'ap parèt kontan.

Men, se pou ou fè tèt ou travay anpil si ou vle bay yon pwovèb tou nèf.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help