Sòm 94 - 1998 Haitian Creole

SÒM 94 (93)Bondye ap jije tout moun

1Senyè,

2Ou Sòm 7.6; 58.11 menm k'ap jije tout moun sou latè, leve non!

Bay moun k'ap pran pòz gwokolèt yo sa yo merite!

3Kilè Jòb 20.5; Rev 6.10 mechan yo va sispann fè fèt?

Wi, Senyè, kilè y'a sispann?

4Kilè 1 Sam 2.3; Jid 15 moun k'ap fè sa ki mal yo va sispann fè grandizè?

Kilè y'a sispann fè bèl diskou pou rakonte krim yo fè?

5Senyè, Eza 3.15 y'ap kraze pèp ou a,

y'ap peze moun pa ou yo.

6Y'ap Eza 10.2 koupe kou vèv yo,

y'ap koupe kou timoun ki san papa yo,

y'ap ansasinen etranje k'ap viv nan peyi a.

7Lè Jòb 22.13 konsa yo di: Senyè a pa wè nou!

Bondye pèp Izrayèl la pa okipe bagay konsa!

8Nou menm, bann san konprann, manyè fè atansyon non!

Bann moun fou, kilè n'a konprann?

9Bondye Egz 4.11; Pwo 20.12 ki bay zòrèy, ki jan pou l pa ta ka tande?

Bondye ki fè je, ki jan pou l pa ta ka wè?

10Li menm Jòb 35.11; Eza 28.26 ki reskonsab tout nasyon yo,

ki jan pou l pa ta ka pini yo?

Li menm k'ap bay moun tout kalite konesans,

ki jan pou l pa ta ka konnen?

11Senyè a 1 Kor 3.20 konnen lide lèzòm gen nan tèt yo.

Li konnen sa pa vo anyen.

12Ala Jòb 5.17; Pwo 3.11,12 bon sa bon, Senyè, lè w'ap korije yon moun,

pou fè l konnen sa ki nan lalwa ou,

13pou l Jòb 34.29 ka rete ak kè poze lè jou malè a rive,

jouk y'a fouye twou pou antere mechan an.

14Senyè a Det 32.9; 1 Sam 12.22; 1 Wa 6.13; Wòm 11.2 p'ap voye pèp li a jete,

li p'ap vire do bay moun ki pou li yo.

15Lè 1 Wa 14.8 sa a, moun va jwenn jistis nan tribinal,

tout moun ki mache dwat va dakò avèk sa.

16Kilès ki va kanpe pou mwen kont mechan yo?

Kilès ki va pran pou mwen kont moun k'ap fè mal yo?

17Si Sòm 124.1,2 se pat Senyè a ki te sekou mwen,

gen lontan depi mwen ta mouri.

18Lè mwen di: Men m'ap tonbe wi!

Se ou menm, Senyè, ki soutni m paske ou gen bon kè.

19Lè m nan tèt chaje, lè mwen pa konn sa pou m fè,

se ou menm ki ban m kouray, se ou menm ki fè kè m kontan.

20Eske Eza 10.1; 2 Kor 6.14 ou nan konfyolo avèk jij pèvèti sa yo,

k'ap fè mechanste yo pase pou lalwa?

21Y'ap Pwo 17.15; Mat 27.4 fè konplo sou moun ki mache dwat yo,

y'ap kondannen inonsan yo amò.

22Men, Sòm 9.9; 14.6; 18.2 Senyè a se tout defans mwen.

Bondye mwen, se twou wòch kote m jwenn pwoteksyon.

23L'ap Sòm 7.16 fè mechanste yo a tonbe sou pwòp tèt yo,

l'ap fè peche yo a touye yo.

Senyè a, Bondye nou an, ap disparèt yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help