1David di nan kè l:
— Yon jou konsa Sayil ap touye m. L'a pi bon pou mwen si m sove al kache nan peyi Filisti a. Konsa, Sayil va sispann mache chache m nan tout peyi pèp Izrayèl la. P'ap gen danje pou mwen ankò.
2David nan direksyon lavil Chou rive jouk peyi Lejip.
9Se 1 Sam 15.3 konsa, David te dechèpiye tout peyi a, li touye fanm kou gason. Li pran mouton moun yo, bèf yo, bourik yo, chamo yo, ata rad yo. Lèfini, li tounen al jwenn Akich.
10Lè Jij 1.16; 1 Sam 15.6; 23.27; 30.29 Akich mande l:
— Ki kote ou te al demele ou jòdi a?
David te kouri reponn li se nan zòn Negèv nan peyi Jida a, osinon nan zòn sid peyi moun Jerakmeyèl yo, ou ankò nan zòn sid teritwa moun Kayen yo.
11Men David te toujou touye tout moun, fanm kou gason, paske li t'ap di nan kè l konsa pèsonn p'ap ka al di moun lavil Gat yo sa li te fè yo. Se sa David t'ap mache fè pandan tout tan li pase nan peyi Filisti a.
12Akich menm te fè David konfyans. Li t'ap di nan kè l:
— Mesye tèlman fè moun pèp Izrayèl yo rayi l, l'ap blije rete pase tout rès lavi l ap sèvi m.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.