Sòm 100 - 1998 Haitian Creole

SÒM 100 (99)Mèsi Bondye(1a) Se Sòm 66.1; 95.1,2 yon sòm pou di Bondye mèsi.

1(1b) Nou tout ki rete sou latè, chante pou Bondye sitèlman nou kontan.

2Fè sèvis pou Senyè a ak kè kontan!

Vini non! Fè fèt devan li!

3Pa 1 Wa 18.39; Jòb 10.8,9; Eza 43.1; Eze 34.30,31; Ef 2.10 janm bliye: Senyè a, se Bondye li ye.

Se li menm ki fè nou, se pou li nou ye.

Se pèp li nou ye, mouton ki nan savann li.

4Antre nan Tanp li, di l mèsi!

Antre kote ki apa pou li a, chante pou li!

Wi, fè lwanj li, di l mèsi!

5Senyè a Sòm 25.8; 106.1 gen bon kè,

li p'ap janm sispann renmen nou.

De pitit an pitit,

l'ap toujou kenbe pawòl li.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help