Ezekyèl 23 - 1998 Haitian Creole

Jerizalèm ak Samari se de sè menmman parèyman

1Senyè a pale avè m ankò, li di m konsa:

2— Ras Adan! Vwala te gen de fi, pitit menm manman.

3Depi pi piti a Oliba. Ola se peyi Samari, Oliba se peyi Jerizalèm. Mwen marye ak tou de, yo fè pitit gason ak pitit fi pou mwen.

5Men, Apre sa, moun tande vwa yon pakèt gason manfouben k'ap pran plezi avèk yo. Se te yon bann malandren yo mennen sòti nan dezè a. Mesye yo mete bèl brasle nan ponyèt medam yo ak bèl kouwòn sou tèt yo chak.

43Mwen di nan kè m: Fanm lan fini afòs li fè adiltè. Atousa l'ap fè jennès toujou.

44Men, mesye yo tounen anpil fwa lakay li tankou kay yon jennès. Yo tounen lakay Ola ak Oliba, fanm devègonde sa yo.

45Men, Eze 16.38 gason ki mache dwat yo pral jije yo tankou yo jije fanm k'ap fè adiltè epi k'ap touye moun, paske yo fè adiltè, yo touye moun.

46Men Det 28.25; Eze 16.40 sa Senyè sèl Mèt la di ankò: Sanble yon foul moun pou mache sou yo, pou fè yo pè, pou piye tou sa yo genyen!

47Se Eze 16.40,41; 24.21 pou foul moun yo kalonnen yo wòch jouk yo touye yo. Se pou yo depatcha yo ak nepe, touye pitit gason ak pitit fi yo, lèfini pou yo mete dife nan kay yo.

48Nan Eze 23.27 tout peyi a, m'ap fè moun sispann fè libètinay. Sa va sèvi yon avètisman pou tout medam yo, pou yo pa fè tankou nou.

49Pou nou menm, de sè sa yo, mwen pral pini nou pou libètinay nou. M'ap fè nou peye peche nou fè lè nou t'ap sèvi zidòl yo. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm Senyè a ki sèl Mèt.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help