1Tounen vin jwenn Bondye nou non, nou menm pitit Izrayèl yo! Se peche nou yo ki te fè nou tonbe.
2Tounen Sòm 50.13,14; Eb 13.15 vin jwenn Senyè a! Men sa pou nou di li: Padonnen tout peche nou yo. Asepte sa n'ap mande ou la a. Nou p'ap ofri ou towo bèf ankò, n'ap fè lwanj ou pito.
3Moun Sòm 10.14; Eza 30.16; 31.1 Lasiri yo p'ap janm ka sove nou. Nou p'ap mete konfyans nou ankò nan chwal pou fè lagè. Nou p'ap janm gade zidòl nou fè ak men nou pou nou di yo se yo ki bondye nou. Nou rekonèt, Senyè, se ou menm ki gen pitye pou timoun ki san papa.
Pwomès Senyè a fè pèp li a4Senyè a Jer 3.22 di ankò:
— M'ap rale pèp la tounen vin jwenn mwen ankò.
M'ap renmen yo ak tout kè m.
Mwen p'ap ankòlè sou yo ankò.
5M'ap Sòm 92.12; Eza 27.6; 35.2; Oze 6.3 tankou lawouze pou moun Izrayèl yo.
Yo pral fleri tankou flè nan jaden.
Yo pral pouse rasin tankou pyebwa nan peyi Liban.
6Yo Sòm 52.8 pral boujounnen sou tout kò yo.
Y'ap bèl tankou pye oliv.
Y'ap santi bon tankou pye sèd peyi Liban.
7Yo Sòm 91.1 gen pou yo tounen vin rete anba zèl mwen pou m pwoteje yo.
Jaden ble yo pral donnen ankò.
Yo pral fleri tankou pye rezen.
Non yo ap nan tout bouch tankou bon mak diven yo fè nan peyi Liban.
8Nou Eza 30.22; Oze 2.8; Jan 15.4,5 menm moun Izrayèl, konnen mwen pa gen anyen pou mwen wè ak zidòl.
Mwen menm m'a reponn yo lè y'ap lapriyè.
M'ap okipe yo tankou pye bwapen ki rete toujou vèt, m'ap ba yo lonbray.
Se mwen menm k'ap ba yo tout kalite benediksyon.
Yon dènye mo9Se Sòm 107.43; Pwo 10.29; Jer 9.12; Da 12.10 pou moun ki gen konprann chache konprann sa ki ekri la a.
Se pou moun ki gen lespri chache konprann li.
Paske chemen Bondye se chemen ki dwat.
Moun k'ap viv dapre volonte Bondye ap mache ladan l san anyen p'ap rive yo.
Men, moun ki vire do yo bay Bondye ap bite sou wout la.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.