Nonb 16 - 1998 Haitian Creole

Revòl Kore, Datan ak Abiram

1Kore, pitit gason Iza, moun laras Levi nan fanmi Keyat la, pran tèt Datan ak Abiram, pitit gason Eliyab yo ansanm ak One, pitit gason Pelèt, twa moun laras Riben.

2Yo revòlte kont Moyiz. Te gen desansenkant (250) lòt moun nan pèp Izrayèl la avèk yo. Mesye sa yo, se te chèf pèp la menm te chwazi, moun ki te fè pati konsèy pèp la, chèf moun yo te konsidere anpil.

3Yo Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:

37— Mande Eleaza, pitit gason Arawon, prèt la, pou l ale wete recho dife an kwiv yo nan mitan rès moun boule yo. L'a jete chabon dife ki ladan yo yon kote byen lwen, paske recho dife sa yo se bagay ki apa pou mwen.

38Wi, Nonb 17.10; 26.10; Pwo 20.2; Aba 2.10 yo apa pou mwen paske mesye sa yo ki mouri pou peche yo te ofri yo devan lotèl Senyè a. W'a pran recho sa yo, w'a bat yo ak mato fè yo tounen plak fen pou kouvri lotèl la. Sa va sèvi yon avètisman pou moun pèp Izrayèl yo.

39Se konsa, Eleaza, prèt la, te pran recho an kwiv moun boule yo te ofri yo, li bat yo ak mato, li fè yon kouvèti pou lotèl la

40pou Nonb 3.10 sa sèvi yon avètisman pou moun pèp Izrayèl yo, pou yo konnen moun ki pa fè pati fanmi Arawon an pa gendwa pwoche devan lotèl Senyè a pou boule lansan. Si yo fè sa, sa ki rive Kore ak moun li yo, se sa k'ap rive moun sa yo tou. Tou sa pase konsa vre dapre lòd Senyè a te bay Moyiz pou Eleaza.

Revòl kont Moyiz ak Arawon

41Nan Nonb 14.2 denmen, tout moun pèp Izrayèl yo pran bougonnen sou do Moyiz ak Arawon, yo t'ap di:

— Se nou menm ki lakòz moun pèp Senyè a ap mouri konsa.

42Lè Egz 40.34; Nonb 14.10 pèp la fin sanble pou yo pran pozisyon kont Moyiz ak Arawon, yo vire je yo gade Tant Randevou a, yo wè nyaj la te kouvri tant lan. Menm lè a, pouvwa Bondye a parèt tankou yon gwo limyè.

43Moyiz ak Arawon ale, yo kanpe devan Tant Randevou a.

44Senyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:

45— Wete kò nou nan mitan pèp sa a. Mwen pral disparèt yo kounyeya menm!

De mesye yo tonbe fas atè.

46Epi Lev 10.6; Nonb 8.19; 11.33; 1 Kwo 27.24 Moyiz di Arawon konsa:

— Pran ti recho dife ou la, pran chabon dife sou lotèl la, mete ladan l. Vide ti lansan sou dife a. Epi kouri vit avè l al jwenn pèp la. W'a fè sevis pou mande Bondye padon pou yo. Fè vit non! Senyè a fache anpil, li gentan pran desizyon l. Malè a konmanse deja.

47Arawon pran ti recho a, li fè sa Moyiz te di l fè a. Epi li pran kouri nan mitan pèp la. Men, malè a te deja konmanse ap fè dega nan pèp la. Lè Arawon wè sa, li mete lansan sou dife a, li fè sèvis pou mande Bondye padon pou yo.

48Se 2 Sam 24.25 konsa malè a te sispann. Arawon te kanpe nan mitan ak mò yo yon bò, moun vivan yo yon lòt bò.

49Te gen katòzmil sètsan moun (14.700) antou ki te mouri nan malè-sa a, san konte sa ki te mouri akòz Kore yo.

50Lè malè a sispann nèt, Arawon tounen al jwenn Moyiz, devan papòt Kay Randevou a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help