1Si yo mete ou chèf kanbiz nan yon resèpsyon, pa kite sa vire tèt ou.
Aji ak lòt moun yo tankou zanmi kanmarad ou. Okipe tout moun anvan ou vin chita bò tab.
2Lè ou fin fè tou sa ou gen pou fè, se lè sa a w'a v'al chita pou pran plezi ou avè yo.
Y'a fè konpliman pou ou pou jan ou gen bon lizay.
3Si se ou ki pi granmoun nan moun yo, ou mèt pale. Se dwa ou.
Pale sa ou konnen, san ou pa entewonp mizik la.
4Si y'ap fè teyat pou moun yo, pa rete ap pale anpil.
Se pa lè sa a pou w'ap fè wè jan ou gen bon konprann.
5Bèl chante nan resèpsyon kote y'ap koule diven,
se tankou yon bèl pyè woubi moute sou lò.
6Bèl mizik yon bò, bon diven yon lòt bò,
se tankou yon bèl pyè emewòd moute sou lò.
7Si se yon jennmoun ou ye, pale lè ou wè nesesite.
Si yo mande ou kichòy, w'a pale de fwa. Pa plis.
8Di sa ou gen pou di a an de mo.
San pale anpil, san fè anpil koze, moutre moun yo ou konnen. Men apre sa, pe bouch ou.
9Lè ou nan mitan grannèg, pa pran pòz grannèg ou tou.
Pa mande yo twòp kèsyon pou ou pa tounen yon nwizans pou yo.
10Menm jan ou wè zèklè anvan ou tande loray,
konsa tou, y'ap konnen repitasyon yon moun ki pa frekan anvan yo rekonèt li.
11Lè lè a rive pou ou ale, al fè wout ou. Pa rete an dènye.
Prese al lakay ou, pa rete ap flannen.
12Rive lakay ou, pran plezi ou, fè sa ou vle.
Men, pa pale ak awogans pou ou pa fè peche.
13Pou tout bagay sa yo, di Bondye ki fè ou la mèsi,
li menm ki ba ou tout benediksyon sa yo.
Krentif Bondye14Moun ki gen krentif pou Granmèt la ap asepte lè Granmèt la ap pini l.
Granmèt la ap beni moun ki leve bonè nan maten pou lapriyè.
15Moun k'ap fouye lalwa Bondye a ap rive konnen l nèt ale.
Men moun ki pa sensè ak lalwa a, lalwa a ap fè l tonbe nan fè peche.
16Moun ki gen krentif pou Granmèt la konnen sa ki rele mache dwat devan li.
Tou sa y'ap fè ki bon ap klere tankou yon limyè pou lòt yo.
17Moun k'ap fè sa ki mal pa asepte pou moun rale zòrèy yo.
Yo toujou jwenn yon jan pou yo sèvi ak lalwa a pou fè sa yo vle.
18Moun ki gen konprann ap koute tout konsèy y'ap ba yo.
Men, moun ki pa kwè nan Bondye epi k'ap fè awogans, yo pa pè anyen.
19Pa fè anyen si anvan sa ou pa kalkile byen.
Ou p'ap bezwen regrèt ou te fè l apre sa.
20Pa mache sou chemen ki plen danje,
pou ou pa bite de fwa sou menm wòch la.
21Lè w'ap vwayaje, pa janm mete nan tèt ou pa gen danje sou wout la.
22Menm ak pitit ou, mache sou prigad ou.
23Nan tou sa w'ap fè se pou ou gen konfyans nan tèt ou.
Sa tou, se fè sa Bondye mande ou fè.
24Moun ki met konfyans yo nan lalwa a ap fè tou sa lalwa a mande.
Moun ki mete konfyans yo nan Granmèt la, malè p'ap janm rive yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.