Travay 13 - 1998 Haitian Creole

Sentespri chwazi Banabas ak Sòl voye yo nan misyon

1Nan legliz Antyòch la te gen kèk pwofèt nan dezè a.

19Li Det 7.1; Joz 14.2 detwi sèt nasyon nan peyi Kanaran, li pran tout tè yo, li bay pèp li a pou pwopryete pa yo,

20pou Jij 2.16; 1 Sam 3.20 katsansenkant (450) lanne.

— Apre sa, li mete jij pou kòmande yo jouk pou rive nan tan pwofèt Samyèl.

21Lè 1 Sam 8.5; 10.21,24 sa a, yo mande pou yon wa. Bondye ba yo Sayil, pitit gason Kis la, moun branch fanmi Benjamen, pou wa pandan karantan.

22Lè Sòm 89.20; Eza 44.28; 1 Sam 13.14; 16.12,13 li wete Sayil, li ba yo David pou wa. Men sa Bondye te di sou David:

Mwen jwenn David, pitit gason Izayi a.

Se yon nonm ki fè m plezi.

Li va fè tou sa m vle l fè.

23— Se 2 Sam 7.12; Eza 11.1 Jezi, yonn nan pitit pitit David yo, Bondye mete pou delivre pèp Izrayèl la, jan l te pwomèt la.

24Men, Lik 3.3 anvan Jezi te vini, Jan t'ap mache bay mesay sa a, li t'ap rele tout pèp Izrayèl la pou yo te tounen vin jwenn Bondye, pou yo te resevwa batèm.

25Lè Jan 1.20,27; Lik 3.16; Mak 1.7 Jan te prèt pou fini ak misyon l lan, li di pèp la: Ki moun nou kwè mwen ye? Moun n'ap tann lan, se pa mwen. Men, koute, moun sa a ap vini apre mwen. Mwen menm, mwen pa bon ase pou m ta demare kòd sapat ki nan pye li.

26— Frè m Sòm 107.20; Tra 13.46 yo, nou menm moun ras Abraram lan ak nou menm moun lòt nasyon isit la ki gen krentif pou Bondye, Bondye voye di nou li vin delivre nou.

27Paske, Tra 3.17; Jan 16.3 moun Jerizalèm ansanm ak chèf yo pa te konnen ki moun Jezi ye. Yo pa te konprann sans pawòl pwofèt yo, pawòl ki li nan zòrèy yo chak saba. Men se yo menm ankò ki fè tout pawòl sa yo akonpli vre lè yo te kondannen Jezi.

28Atout Mat 27.22,23 yo pat jwenn anyen nan sa Jezi te fè ki pou ta fè l merite lanmò, yo te mande Pilat fè touye li.

29Lè Mat 27.59,60 yo fin fè tout bagay ki te ekri sou li nan liv yo rive vre, yo desann li sou kwa a, yo mete l nan yon kavo.

30Men, Tra 3.15 Bondye fè l leve sòti vivan nan lanmò.

31Apre Tra 1.3 sa, pandan plizyè jou, moun ki te moute Jerizalèm sòti peyi Galile ansanm avèk li yo, yo te wè l ak je yo. Se yo menm k'ap sèvi l temwen kounyeya devan pèp Izrayèl la.

32Nou Tra 13.23 menm, nou vin fè nou konnen bòn nouvèl sa a isit la. Bagay Bondye te pwomèt zansèt nou yo,

33li Sòm 2.7; Eb 1.5; 5.5 fè l pou nou ki pitit pitit yo: li fè Jezi leve sòti vivan nan lanmò, dapre sa ki ekri nan Sòm de a:

Ou se pitit mwen.

Depi jòdi a se mwen ki papa ou.

34Bondye Eza 55.3 te fè konnen li t'ap fè l sòti vivan nan lanmò pou l pat janm tounen pouriti ankò. Se sa l te fè konnen, lè l te di:

M ava ba ou tout benediksyon

mwen te pwomèt David yo, ou mèt konte sou yo.

35Se Tra 2.27; Sòm 16.10 poutèt sa, yon lòt kote li di konsa:

Ou pa penmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè.

36Men, 1 Wa 2.10; Jij 2.10; Tra 2.29 apre David te fin sèvi plan Bondye nan mitan moun ki t'ap viv menm lè avè l yo, li mouri. Yo antere l menm kote ak zansèt li yo, epi li pouri anba tè.

37Men, moun Bondye te leve sòti vivan nan lanmò a, li pa janm pouri anba tè.

38-39Frè m Tra 10.43; Nonb 15.30; Eb 9.9; 13.20 yo, Wòm 10.4 nou fèt pou nou konn sa byen: Bondye voye Jezi fè nou konnen l'ap padonnen tout peche nou yo: tout moun ki mete konfyans yo nan Jezi, y'ap delivre anba tout peche lalwa Moyiz pat ka wete pou yo.

40Atansyon Aba 1.5 pou bagay pwofèt yo te di a pa rive nou:

41Gade non, nou menm k'ap meprize moun,

sezisman pral touye nou.

Paske mwen pral fè yon travay kounyeya nan mitan nou,

bagay nou pa ta kwè,

menm si moun ta rakonte nou li.

42Antan Banabas ak Pòl t'ap soti nan sinagòg la, moun yo mande yo pou yo tounen ankò saba pwochen pou pale sou menm bagay sa yo toujou.

43Apre Tra 11.23 reyinyon an, anpil jwif ak anpil moun lòt nasyon ki te konvèti nan relijyon jwif yo te swiv Pòl ak Banabas. Apòt yo menm te pale ak yo, yo te ankouraje yo pou yo rete fèm nan favè Bondye.

44Jou saba apre a, prèske tout moun nan vil la te rasanble pou tande pawòl Senyè a.

45Lè Tra 13.50; 14.2 jwif yo wè foul moun yo, yo pran fè jalouzi: yo t'ap demanti tou sa Pòl t'ap di a, yo t'ap joure li.

46Men, Tra 3.26; 18.6; Mat 10.6; Lik 7.30 Pòl ak Banabas di yo kareman:

— Se nou menm premye moun ki pou te resevwa Pawòl Bondye a. Men, n'ap repouse l, nou pa konsidere tèt nou bon ase pou n antre nan lavi ki p'ap janm fini an. Enben, kounyeya nou pral vire bò kote moun lòt nasyon yo.

47Men Eza 49.6 lòd Bondye te ban nou:

Mwen mete ou pou sèvi yon limyè pou lòt nasyon yo,

pou ou kapab ale toupatou sou latè,

moutre ki jan tout moun ka jwenn delivrans.

48Lè Tra 11.18; Wòm 8.29 moun lòt nasyon yo tande sa, yo pat manke kontan: yo pran fè lwanj pawòl Bondye a. Tout moun Bondye te chwazi davans pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an te kwè.

49Pawòl Bondye a t'ap gaye toupatou nan peyi a.

50Men, jwif yo moute tèt medam lasosyete ki te konvèti nan relijyon jwif yo, ansanm ak grannèg lavil yo. Yo tout yo pran pèsekite Pòl ak Banabas: yo mete yo deyò nan peyi a.

51Pòl Tra 18.6; Mat 10.14 ak Banabas souke pousyè pye yo sou yo, y'ale lavil Ikonyòm.

52Nan Antyòch menm, disip yo te kontan anpil, Sentespri te plen kè yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help