Jeremi 15 - 1998 Haitian Creole

Malè pou moun peyi Jida yo

1Lè sa a, Senyè a di m konsa:

— Menm

9Manman Senyè, se pou tout madichon yo rive m vre

si mwen pa sèvi ou byen,

si mwen pat plede avè ou pou tout lènmi m yo,

lè yo te nan malè, lè yo te nan tou sa k pa bon.

12 Pèsonn Jer 1.13 pa ka kraze bout fè k'ap sòti nan nò a,

fè ki melanje ak kwiv la.

13Senyè a Sòm 44.12; Jer 17.3 di m ankò:

— M'ap pran tout richès ak tout trezò pèp mwen an,

m'ap lage yo nan piyay.

Se konsa yo pral peye pou tout peche

yo te fè toupatou nan peyi a.

14M'ap Det 32.22; Jer 9.16; 16.13; 17.4; 22.28 fè nou tounen domestik lènmi nou yo

nan yon peyi nou pa konnen,

paske nou fè m fè kòlè.

Tankou yon dife m'ap boule nou.

Jeremi ap pale ak Bondye

15Lè Jij 16.28; Sòm 69.7 sa a mwen di:

— Ou menm, Senyè, ou konn tout bagay.

Pa bliye m non! Vin pote m sekou!

Tire revanj pou mwen sou moun k'ap pèsekite m yo!

Pa al twò dousman ak yo pou yo pa gentan touye m.

Chonje se poutèt ou y'ap joure m konsa!

16Lè Sòm 119.111,162; Jer 14.9; Eze 3.1,3; Rev 10.9,10 ou pale avè m,

mwen koute tou sa ou di m.

Pawòl ou yo, se tout plezi m. Yo fè kè m kontan,

paske yo mete m apa pou ou,

Senyè, Bondye ki gen tout pouvwa a.

17Mwen Sòm 102.7; Lam 3.28 pa pèdi tan m chita ak moun k'ap bay blag

pou m pran plezi m ak yo.

Ou te pran m anba ponyèt ou.

M mete kò m sou kote,

paske ou te fè m fache menm jan avè ou!

18Poukisa Jòb 6.15; Jer 30.15 m'ap soufri san rete konsa?

Poukisa kote m blese a pa ka geri?

M pa ka jwenn renmèd pou li.

Gen lè ou sòti pou ou woule m?

Ou tankou yon sous ki bay dlo lè l vle.

19Men Jer 3.14; 15.1 sa Senyè a reponn mwen:

— Si ou tounen vin jwenn mwen, m'ap resevwa ou,

w'a kanpe devan m ankò pou ou sèvi m.

Si ou sispann pale anlè

pou se bon pawòl k'ap sòti nan bouch ou ase,

m'a fè ou pale pou mwen ankò.

Lè sa a, se pèp la ki va tounen vin jwenn ou.

Ou p'ap bezwen al dèyè yo.

20M'ap Jer 1.8,18,19; 20.11 fè ou kanpe devan moun sa yo

tankou yon miray fèt an kwiv byen solid.

Y'a goumen avè ou,

men yo p'ap ka fè ou anyen.

M'ap kanpe la avè ou pou m pwoteje ou,

pou m delivre ou.

Se mwen menm Senyè a ki di sa.

21M'ap Eza 49.25 delivre ou anba men mechan yo,

m'ap fè ou sòti anba ponyèt lwijanboje yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help