Sajès 16 - 1998 Haitian Creole

1Se poutèt sa, se jistis lè Bondye sèvi ak menm bèt sa yo pou pini moun sa yo, lè li voye yon pakèt bèt sa yo toumante yo.

2Men, Granmèt, se pa chatiman ou te voye sou pèp ou a lè ou te voye bèt sou yo. Se benediksyon ou te ba yo pito. Ou voye zòtolan pou yo te ka manje nan grangou yo. Se te yon manje avèk yon bon gou apa ou te pare pou yo la a.

3Ou te fè sa konsa ak moun peyi Lejip sa yo, atout yo te grangou anpil la, pou yo te ka pèdi tout anvi manje lè yo wè kalite bèt degoutan sa yo ou te voye sou yo. Men, pou pèp ou a, apre yon ti tan yo pase nan grangou, se yon manje avèk bon gou apa ou ba yo pou yo te separe.

4Wi, moun sa yo ki t'ap toupizi pèp ou a, yo te merite vre pou yon dizèt san renmèd te tonbe sou yo. Men, pou pèp ou a, se moutre ou te vle moutre yo ase jan ou t'ap maltrete lènmi yo.

5Lè move sèpan yo te tonbe sou pèp ou a, lè moun pa ou yo t'ap mouri anba pwazon sèpan kòde ki t'ap mòde yo a, ou pa te fè kòlè twò lontan jouk pou ou ta detwi yo nèt.

6Men, se pou yon ti tan ou te ba yo kè kase sa a, pou sa te sèvi yo yon avètisman. Lè sa a, ou ba yo yon renmak yo t'ap jwenn delivrans, pou fè yo chonje sa lalwa ou la mande.

7Depi yon moun te vire tèt li gade renmak la, li te delivre. Men, se pa sa l te wè ak je l yo ki te fè sa pou li, se te ou menm ki delivrans tout moun lan ki te fè sa pou li.

8Konsa, ou fè lènmi nou yo wè se ou menm ki ka delivre moun anba tout kalite mechanste.

9Krikèt ak vèmin te mòde yo jouk yo mouri, san yo pa te ka jwenn ankenn renmèd pou sove lavi yo, paske yo te merite pou yo te resevwa chatiman nan men bèt sa yo.

10Men, pou pitit ou yo, ata pwazon anba dan sèpan yo pa te ka kraze yo, paske nan bon kè ou, ou vin ede yo, ou ba yo gerizon.

11Bèt te mòde yo pou fè yo chonje sa ou te di. Men, yo geri lamenm, paske si yo te mouri, yo t'ap bliye tout bagay nèt ale, lèfini ou pa ta kapab fè anyen ki bon pou yo.

12Pou di vre, se pa ni zèb ni ponmad ki mete yo sou pye yo ankò, men se pawòl ou, Granmèt, se li menm ki geri yo tout.

13Wi, ou gen pouvwa sou lavi ak sou lanmò. Ou fè moun desann jouk nan papòt kote mò yo ye a, lèfini ou fè yo remoute ankò sou latè.

14Nan mechanste yo, moun ka touye moun. Men, pati souf la fin pati, moun pa ka fè l tounen ankò. Li pa ka al libere nanm ki nan prizon kote mò yo ye a.

15Pa gen mwayen chape anba men ou.

16Moun ki pa t'ap sèvi ou yo, moun ki te derefize rekonèt ou pou Bondye yo, ou bat yo byen bat avèk fòs ponyèt ou. Ou voye yon bann lapli dwòl, gwo grenn lagrèl ak van tanpèt dechennen tonbe sou yo. Ou voye dife kankannen yo.

17Sa ki pi dwòl ankò, yo sèvi ak dlo pou touye dife, men dife sa a boule pi rèd nan dlo. Tout fòs ki nan kreyati Bondye a ap goumen pou pran defans moun ki mache dwat yo.

18Yon lè, dife a bese pou li pa boule bèt yo te voye dèyè moun ki pap sèvi Bondye yo. Se te pou fè yo konprann lè yo wè sa se jijman Bondye a menm ki t'ap rapousib yo konsa.

19Yon lòt lè, nan mitan dlo, dife a chofe kou dife poko janm chofe pou li ka detwi rekòt nan jaden moun k'ap fè sa ki mal yo.

20Men, se yon manje zanj Bondye ou voye bay pèp ou a. Se yon pen ki desann tou pare sòti nan syèl la ou ba yo pou yo manje san bat kò yo, yon pen ki bay tout kalite plezi nan bouch, yon pen ki gou nan bouch tout moun.

21Manje ou te bay la te fè wè jan ou t'ap okipe pitit ou yo an dousè, paske manje a te nan gou tout moun ki t'ap manje l, lèfini li te tounen sa chak moun te vle l tounen an.

22Manje a te sanble lanèj ak laglas, men yo te mèt mete l nan dife li pa te fonn. Tou sa pase konsa pou moutre pèp ou a kijan menm dife ki t'ap chofe nan mitan lagrèl la, ki t'ap fè gwo flanm anba lapli pou l te ka detwi rekòt jaden lènmi yo,

23menm dife sa a te bliye pouvwa li genyen an pou l te ka respekte manje moun ki mache dwat yo.

24Tou sa ou kreye yo la pou sèvi ou, ou menm ki kreye yo a. Se poutèt sa yo sèvi ak tout fòs yo pou pini moun k'ap fè sa ki mal yo. Men, yo vin dou pou yo fè byen pou moun ki mete konfyans yo nan ou.

25Se poutèt sa tou, yo te ka chanje fòm nèt ale pou yo te ka sèvi kado ki te sòti nan men ou menm ki bay manje pou tout moun manje a, dapre lanvi chak moun ki te nan bezwen.

26Sa te pase konsa, Granmèt, pou pitit ou te renmen yo te ka aprann se pa donn jaden k'ap nouri moun, men se pawòl ou ki soutni tout moun ki mete konfyans yo nan ou.

27Manje dife pa te ka detwi a, chalè nepòt ti reyon solèy tou kout te kont pou fonn li.

28Sa se te pou fè nou konnen se pou nou leve anvan bajou kase pou di Bondye mèsi, pou nou ka deja sou pye nou ap lapriyè lè solèy leve.

29Men, moun ki engra yo ap wè espwa yo fonn tankou laglas ki kouvri latè nan sezon fredi. Tankou dlo moun pa ka sèvi, l'ap koule ale.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help