1Lwanj Sòm 104.35; 135.1 pou Senyè a!
Nou menm k'ap sèvi Senyè a, fè lwanj li!
2Se Jòb 1.21; Sòm 115.18; Da 2.20 pou nou nonmen non l
depi kounyeya epi pou tout tan tout tan.
3Depi Sòm 48.10; 50.1; Mal 1.11 kote solèy leve jouk kote solèy kouche,
se pou yo fè lwanj Senyè a!
4Senyè a Sòm 8.1; 99.2 donminen sou tout nasyon yo.
Pouvwa li moute pi wo pase syèl la.
5Pa Sòm 35.10; 138.6; Eza 57.15 gen tankou Senyè a, Bondye nou an.
Li chita anwo nèt.
6Li bese je l pou l wè
sa k'ap pase nan syèl la ak sou latè a.
7Li 1 Sam 2.8; Jòb 36.7; Sòm 107.41 bay pòv malere a men pou fè l leve sòti nan pousyè a.
Li wete l nan mizè.
8Li fè l chita menm kote ak chèf yo,
wi, sou menm tab ak chèf pèp li a.
9Li 1 Sam 2.5; Sòm 68.6 bay fanm ki pa ka fè pitit la yon fanmi.
Li fè kè l kontan lakay li, li ba l pitit.
Lwanj pou Senyè a!
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.