Eklezyas 5 - 1998 Haitian Creole

Pa prese fè pwomès bay Bondye

1Gade byen ki jan w'ap mete pye ou lakay Bondye a. Pito Egz 3.5; 1 Sam 15.22; Pwo 15.8 ou ale la pou ou ka aprann kichòy pase pou ou al ofri bèt pou touye pou Bondye tankou moun san konprann sa yo ki pa konn sa ki byen ak sa ki mal.

2Fè Mat 6.7 tèt ou travay anvan ou louvri bouch ou pale. Pa prese fè okenn pwomès bay Bondye. Bondye, se nan syèl li ye, ou menm ou sou latè. Pa di plis pase sa ou dwe di a.

3Plis ou kite bagay chaje tèt ou, se plis ou ka fè move rèv. Plis ou pale anpil, se plis ou ka di pawòl ki pa fè sans menm.

4Lè Nonb 30.2; Det 23.21; Sòm 50.14; 66.13,14 ou fè yon pwomès bay Bondye, pa mize fè sa ou pwomèt fè a. Bondye pa nan jwèt ak moun ki san konprann. Sa ou pwomèt fè a, fè l.

5Pito Pwo 20.25; Tra 5.4 ou pa janm pwomèt Bondye w'ap fè kichòy pou li pase pou ou pwomèt, epi pou ou pa kenbe pwomès ou.

6Pa kite pawòl ki sòti nan bouch ou fè ou fè peche. Apre sa pou ou al di reprezantan Bondye a: O wi, se chape bouch mwen chape. Poukisa pou ou ta fè Bondye fache sou ou? Poukisa pou ou ta fè Bondye detwi travay ou fè ak men ou?

7Tout Ekl 12.13 rèv w'ap plede fè yo, tout pawòl w'ap plede di yo p'ap sèvi ou anyen. Se krentif pou ou toujou genyen pou Bondye.

Lavi pa vo anyen

8Ou Sòm 12.5; Ekl 3.16 pa bezwen sezi lè ou wè nan yon peyi, chèf ap peze pòv malere. Yo refize rann yo jistis, yo derefize defann dwa inonsan yo. Chak chèf gen yon gwo chèf dèyè l. Lèfini yo tou de gen yon pi gwo chèf ankò dèyè yo.

9Travay latè se yon avantaj pou tout moun, ata pou wa a. Se sou sa li konte tou.

10Si ou renmen lajan, ou p'ap janm fin gen ase. Si w'ap kouri dèyè richès, plis ou genyen, se plis w'ap anvi genyen toujou. Sa a tou, se rapousib van.

11Plis ou gen lajan, se plis bouch w'ap gen pou bay manje. Sèl benefis ou jwenn nan tou sa, se wè w'a wè ou rich.

12Yon travayè te mèt manje kont li, li te mèt pa manje kont li, l'ap toujou byen dòmi lannwit. Men, moun rich yo, yo sitèlman genyen, yo pase nwit yo blanch ak kè sote.

13Men mwen wè sou latè yon bagay ki fè lapenn anpil: Moun sere lajan epi sa vire mal pou yo.

14Yon malè pase, tout lajan an pèdi. Li vin fè yon pitit, li pa gen anyen pou l ba li.

15Li Jòb 1.21; 1 Tim 6.7 sòti toutouni nan vant manman l, konsa tou l'ap tounen san anyen anba tè. Pa gen anyen nan tou sa li travay fè li ka pran pote ale ak li.

16Wi, Pwo 11.29; Ekl 1.3 sa se bagay ki pou fann kè nou ak lapenn: Jan nou vini an, se konsa nou prale. Nou travay, men sa p'ap rapòte nou anyen.

17Sa ki pi rèd la, nou pase tout lavi nou nan fènwa, nan lapenn, nan kè sere, nan maladi, nan fè kòlè.

18Men Ekl 2.10,24 sa mwen jwenn ankò: Pi bon bagay yon moun ka fè sou latè, se manje, se bwè, se jwi sa li travay di fè a, pandan de twa jou Bondye ba li pou li viv la. Men, se sa ase ki pou yon moun nan lavi.

19Si Ekl 3.13; 6.2 Bondye bay yon moun richès ak byen, se pou li jwi yo, se pou l di Bondye mèsi, se pou l jwi tou sa li travay fè. Sa se kado Bondye ba li.

20Li pa bezwen chonje jan lavi a kout, paske Bondye ba li kont bagay pou l fè pou fè kè l kontan.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help